Episodes
Monday Jul 30, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 jiyè 2018
Monday Jul 30, 2018
Monday Jul 30, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Rapò sou mobilizasyon KOMOKODA devan konsila Ayisyen an jedi pase
Nou salye ti frè nou Kebert Bastien k ap pase nan lakou a
Mobilizasyon ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou manif KOMOKODA 3-6pm jedi devan konsila Ayisyen nan NY la
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Ayiibobo pou liberasyon prizonye politik Nwa Meriken Robert Seth Hayes
-Branch gouvènman Meriken DHS anonse pwolongasyon pèmi travay pou Ayisyen ki gen TPS ki te aplike men yo panko jwenn papye renouvèlman yo
-Atik Jake Johnston nan magazin The Nation sou jaden bannann Jovenel Moise la
Nou kontinye ti koze ak frè nou Kebert Bastien
Anons
Tuesday Jul 24, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 jiyè 2018
Tuesday Jul 24, 2018
Tuesday Jul 24, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Salye pitit gason mwen Amadou ki nan stidyo a ak mwen jodi a
Salye Jafrik, Manzè Choublak ak tout ekip emisyon Bouyon Rasin nan Otawa. Dimanch swa nou te fè ti koze ak yo
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA fè 3pm-6pm chak jedi epi chita koze ak konsè Eritye Papa Desalin ap fè 6pm samdi ak Sanba Kebert Bastien nan lokal Flanbwayan an
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Donald Trump menase Iran; Iran di l 2 may sou chenn li epi nan lang pa yo yo fè l sonje ladwàn Okay te di pi rèd pase sa epi pise vakabon fann li 2 bout
-Yon akò lapè enpòtan anpil sou kontinan Afriken an ant Etyopi ak Eritre
-Tribinal Meriken kondane misyonè Menonit blan Meriken James Arbaugh pou l pase 23 lannen nan prizon pou kadejak ak lòt kalite abi li fè pandan 15 lannen sou tilèzanj nan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Jul 23, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 jiyè 2018
Monday Jul 23, 2018
Monday Jul 23, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se 23 jiyè 2018, 31 lannen apre jou madichon kote lame Ayiti, gwo tèt legliz katolik yo, ansanm ak grandon nan Nòdwès te masakre peyizan nan Janrabèl nan lannen 1987
Nou salye frè nou Fritz Beaute, manm KOMOKODA ki selebre anivèsè nesans li lendi pase
Nou salye Manman nou Marie Fevry. Nou di l KOMOKODA ap tann li sou beton an
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze ak frè nou Rosnel Jean-Baptiste, koòdonatè nasyonal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
Ti koze ak Mèt Bano (Ernest Banatte) sou travay SELA te fè pou kore travay Tèt Kole ayè epi sa 23 jiyè ane sa a ta dwe di dyaspora a
Mobilizasyon ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou manif KOMOKODA 3-6pm jedi devan konsila Ayisyen nan NY la
Anons
Tuesday Jul 17, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 jiyè 2018
Tuesday Jul 17, 2018
Tuesday Jul 17, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
KOMOKODA di Ayisyen nan NY: An Avan!
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Anons
Liy ouvè ak oditè yo sou sa yo panse k ap bay pèp Ayisyen an reta nan wout liberasyon l
Mobilizasyon pou aksyon solidarite KOMOKODA ak leve kanpe lakay la apremidi a, 3pm-6pm nan East 18th Street ak Church Ave nan Brooklyn epi manifestasyon KOMOKODA fè 3-6pm chak jedi devan konsila Ayisyen an nan Manhattan
Monday Jul 16, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 jiyè 2018
Monday Jul 16, 2018
Monday Jul 16, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye Manman nou Marie Fevry ki soti lopital tounen lakay li
Ti ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 13 jiyè k sot pase a
Gandy Thomas, ti komik ki pote tit konsil Ayiti nan NY la vin menase KOMOKODA nan mitan manifestasyon nou
Mobilizasyon pou manif solidarite ak leve kanpe lakay la demen madi a, 3pm-6pm nan East 18th ak Church Ave nan Brooklyn nan epi 3-6pm jedi devan konsila Ayisyen nan NY la
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Chita koze Donald Trump ak Vladimir Putin malgre presye patizan Hillary Clinton yo ki panko janm sispann kriye
Pinga pou politisyen k ap kondane vyolans lejitim pèp la pou yo wè si y a jwenn benediksyon Meriken ak boujwazi a
Tuesday Jul 10, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 jiyè 2018
Tuesday Jul 10, 2018
Tuesday Jul 10, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye manman nou Marie Fevry ki lopital jodi a; Nou di l KOMOKODA ap tann li pou l reprann plas li prese prese sou beton an ansanm ak nou
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Finalman CARICOM deside fini ak diskriminasyon an epi rekonèt sitwayen Ayisyen menm jan ak tout lòt sitwayen peyi manm CARICOM yo; Deklarasyon CARICOM anfas leve kanpe pèp Ayisyen
-Pandan Gouvènman Meriken an vle fè konprann tout bagay ap rantre nan lòd pou yo kore restavèk yo ann Ayiti yo pibliye yon deklarasyon pou di Ameriken pinga yo vwayaje al nan peyi a
-Lese frape anndan sistèm jidisyè Brezilyen an sou dosye anprizònman Lula a
-Pèp peyi Ekwatè leve kanpe pou di montaj ki fèt pou mete Lula nan prizon an pa p fèt ak Rafael Corea
Konbit ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou manif solidarite KOMOKODA ak leve kanpe lakay la apremidi a, 3pm-6pm nan kwen Nostrand Ave ak Newkirk Ave nan Brooklyn
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Jul 09, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 jiyè 2018
Monday Jul 09, 2018
Monday Jul 09, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye memwa Vanyan Emmanuel "Dread" Wilmé ki te tonbe 6 jiyè 2005 zam alamen anfas sòlda lokipasyon Nasyonzini
Ayibobo pou pèp souvren ki montre lemonn antye Vanyan Janjak Desalin toujou vivan jounen jodi a: Apatrid yo te byen konte men yo te mal kalkile
Mobilizasyon ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou manif solidarite ak leve kanpe lakay la demen madi a, 3pm-6pm nan kwen Nostrand Ave ak Newkirk Ave nan Brooklyn
Ti ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 6 jiyè k sot pase a
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Bwase koze ak Prince Tiecoura sou leve kanpe pèp la epi sou esans ak misyon pèp Ayisyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Jul 03, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 jiyè 2018
Tuesday Jul 03, 2018
Tuesday Jul 03, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti eskiz pou sè nou Mirlande Paillere nou pa t site pami 5 ti granmoun KOMOKODA yo yè
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Konbit ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou mobilizasyon KOMOKODA devan konsila Ayisyen nan NY la chak jedi 3pm-6pm pou n rive dechouke grimas yo k la k ap pran pòz dirijan peyi nou
Ti koze ak sè nou Viergela Pierre ansanm ak demwazèl li Harmony Divine ki fè yon ti pase wè nou apre 2 zan yo fè ap viv nan peyi Taiwan
Anons
Monday Jul 02, 2018
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 jiyè 2018
Monday Jul 02, 2018
Monday Jul 02, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou pale anpil rechiya, ti sousou, ak medizan malpalan ap fè nan Radyo Pa Nou sou KOMOKODA ak travay n ap fè nan kominote a: Ki sa yo genyen? Ki sa yo vle?
Nou li tèks "BABILÒN" HSO (Haitian Students Organization-Òganizasyon Etidyan Ayisyen) nan SUNY @ Stony Brook te ekri epi pibliye nan jounal HSO nan mwa mas 1987
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze ak sè nou Madam Chimene sou patisispasyon l nan manifestasyon KOMOKODA jedi pase a ansanm ak Ethan, pitit pitit li ki gen 10 an
Anons