March 27, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye matant Rose Marie Pierre k ap fete anivèsè nesans li nan Granrivyè jodi a
Nou salye Christina ki pral fete demen
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué ki aktyèlman nan Liberia ak yon delegasyon UNIA ki soti nan NY la
Nouvèl:
-Yon batiman k t ap soti Selwidinò pou ale Latòti koule, 12 sè ak frè nou mouri
-Yon jounalis Ayisyen ki t al mennen ankèt sou masak Gran Ravin nan disparèt
Ankouraje fanmi an al sipòte fèt anivèsè emisyon "Fòk Sa Chanje" Jude Joseph anime
Anons
March 26, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi nou yo ki antere fanmi pandan wikenn nan, Nou di yo tout fòs, kouraj, ak lanmou
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 23 mas la ak frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte)
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Vil Miami-Dade nan Florid bay yon bout nan ri 5th Street pote non Manno Chalmay. Msye te fè yon tan abite epi pèfòme nan zòn nan
-Nouvèl nan dosye OXFAM nan: Gwo van ti lapli nan Angletè men nou pa tande anyen bò kote ti komik lakay yo
-Ozetazini gouvènman an vann gran nèg etranje ki deside envesti nan ekonomi peyi a viza men plizyè lòt kote se sitwayènte yo vann pou yon ti monnen
-Gwo manifestasyon Ozetazini samdi k sot pase a kont gwo zam fannfwa ki gaye nan peyi a
Anons
March 20, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki pèdi kouzen li, Msye Raoul Lindor; Nou salye ti sè nou Nadine Joseph ki pèdi granmè li, Madam Elizabeth Joseph; Epi nou salye fanmi frè nou Saint Jean Baptiste ki pran devan, nou dèyè
Nouvèl:
-Demokrat yo nan Washington wete DACA sou tab negosyasyon bidjè peyi a
-Trump nome Mike Pompeo pou ranplase Tillerson epi l nome Gina Haspel pou ranplase Pompeo alatèt CIA, yon bann tèt kòk bounda pentad rele anmwe
-Ti diplis sou gradyasyon inivèsite Fondasyon Aristide la ki fèt dimanch 18 mas la; ti moso tou piti nan diskou Prezidan Aristide te fè nan aktivite a; Sanble gradyasyon an ak diskou a pike gouvèlman restavèk la paske nan landemen lendi 19 mas Ministè Sante Piblik pran mikro pou denonse yon seri lekòl yo pa bay benediksyon k ap bay etidyan diplòm
Liy ouvè ak oditè
March 19, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 16 mas la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki pèdi kouzen li; Nou salye ti sè nou Nadine Joseph ki pèdi granmè li, Madam Elizabeth Joseph; Epi nou salye fanmi frè nou Saint Jean Baptiste ki pran devan, nou dèyè
Nouvèl
-Prezidan Larisi an Vladimir Putin pote lamayòl pou 4yèm fwa nan eleksyon prezidansyèl ki fèt nan peyi li yè dimanch lan
-Akizasyon tonbe sou Vladimir Putin pou anpwazònman espyon Sergei Skripal ak pitit fi li Yulia
-Revokasyon yo ap kontinye nan administrasyon Donald Trump lan, sa n pèdi nan sa?
-Sasinay militan Marielle Franco nan peyi Brezil
Liy ouvè ak oditè yo
March 13, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Rapò ak son nan manifestasyon KOMOKODA devan Brooklyn Public Library kore Chelsea Clinton t ap prezante liv li
Nouvèl:
-Ajans relasyon piblik "Mercury Public Relations Firm" ki trè pwòch ak lafanmi Clinton fè depatman Lajistis Meriken konnen Gouvèlman Jovenel ti komik la anboche l pou l travay pou chanje jan Meriken pèsevwa Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
March 12, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou 9 mas la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ranmase sou Selebrasyon Mwa Fanm Eritye Papa Desalin te òganize samdi 10 mas la nan Brooklyn nan
-Remèsiman pou tout fanmi ki te pote kole yo
-Ti pawòl gran sè Igèt Dejan te fè pou prezante envite espesyal nou pou sware a Profesè Zèmat Skit (Zermatt Scutt)
Ti koze ak Zèmat sou retou li ak travay la lakay
(www.2kreyolyo.com)
March 6, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
-Yè lendi 5 mas 2018 la fè 5 lannen depi Vanyan Hugo Chavez fè travèse li. Nou jete dlo pou li
-Jodi 6 mas la se anivèsè nesans gran ekriven Kolonbyen Gabriel Garcia Marquez; Si l te la ak nou toujou jodi a ta fè l 91 rekòt kafe
-N ap tann tout fanmi an samdi 10 mas, 7pm nan Selebrasyon Mwa Fanm Eritye Papa Desalin ap òganize nan Walt Whitman Middle School, 72 Veronica Pl @ Snyder Ave
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Nan mesaj anyèl li devan palman Ris la Vladimir Putin deplòtonnen yon kategori gwo zam fann fwa dènye kri epi l di Etazini met ti dlo nan diven l
-Palman Afrikdisid vote 241 kont 83 pou mande gouvèlman an pran tè k nan men plantè blan yo san konpansasyon epi renmèt li bay nwa yo nan peyi a
-Eleksyon nan Venezyela anonse pou 20 me; Menm Etazini k ap plenyen kriye enjerans Larisi nan eleksyon Trump-Hillary a sèmante l ap gate eleksyon Venezyela a
Anons
March 5, 2018
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou travay distribisyon trak KOMOKODA te fè Mèkredi pase devan Elmont Public Library pou pikèt konferans Carrié ak Michaelle Solages pou dedwane fanmi Clinton nan; Nou pase temwanyaj Marie Angeline Vincent ki se manman Carrié Solages ki pale sou vyolans msye fè sou li
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Konbit pou 10 mas, 7pm Selebrasyon Mwa Fanm Eritye Papa Desalin nan Walt Whitman Middle School, 72 Veronica Pl @ Snyder Ave nan Brooklyn nan
Refleksyon nou sou dosye chire pit ant LONI ki okipe peyi a ak ti restavèk yo met la pou pran pòz y ap jere lakou a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons