Episodes
Tuesday Dec 26, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 desanm 2017
Tuesday Dec 26, 2017
Tuesday Dec 26, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se dènye emisyon nou pou lannen 2017 la: Remèsiman pou tout fanmi ak kolaboratè ki te ede nou travèse chimen an
Nou salye kèk Vanyan ki fè travèse yo pandan lannen 2017 la
Liy ouvè pou oditè yo yomenm tou yo salye fanmi zanmi ki fè travèse yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Anons
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Dec 25, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 desanm 2017
Monday Dec 25, 2017
Monday Dec 25, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Yon salitasyon espesyal emisyon an pou fanmi k lakay yo nan okazyon jou vakans jodi a ki ta ka ap tande nou pou premye fwa
Ranmase sou Vandredi 22 desanm Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Dosye NY Times ki akize Donald Trump ta denigre Afgani, Ayisyen, ak Nijeryen
Anons lanmò Madam Leona Hyson, bèlmè frè nou Menès Dejoie
Anons lanmò Madam Claire Henri, manman frè nou Pedro Martin
Anons lanmò Madam Alberic Nelson
Tuesday Dec 19, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 desanm 2017
Tuesday Dec 19, 2017
Tuesday Dec 19, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye fanmi Madam Alberic Nelson ki fè travèse li nan Brooklyn nan nan laj 84 lannen
Ti koze ak frè nou Wilner Altidor, ansyen korespondan Lakou NY ki nan Wanament sou ki jan peyi nou ap fèmen 2017 la
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Ki sa nouvo plan taks Repibliken yo ap pote pou nou
-FCC Meriken vote pou chanje lwa ki jere fason konpayi ki bay aksè ak entènèt yo jere sèvis yo
Anons
Monday Dec 18, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 desanm 2017
Monday Dec 18, 2017
Monday Dec 18, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye KOMOKODA ki fete 3yèm anivèsè li samdi 16 desanm ki sot pase a; Remèsiman pou tout fanmi ak tout zanmi ki te patisipe
Liy ouvè ak oditè yo
Ranmase sou Vandredi 15 desanm Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou konsekans wolèmen $500,000 lò Meriken te vòlò 17 desanm 1914 la genyen sou kapasite nou pou devlope peyi nou
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Anons
Tuesday Dec 12, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 desanm 2017
Tuesday Dec 12, 2017
Tuesday Dec 12, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl ak refleksyon nou sou atak rate nan yon twou tren nan Times Square nan Manhattan; Gwo Moso k anonse li rekonèt Jerizalèm kòm kapital Izrayèl epi l ap deplase anbasad Meriken k Tèlaviv la pou l al mete l la; Pou ki sa Gouvènman Meriken an ansanm ak laprès Meriken bèbè sou kolaborasyon yo ak ISIS epi ISIS ki pèdi teritwa yo te okipe yo
Konbit pou selebrasyon 3 zan KOMOKODA samdi 16 desanm 2017 @ 8pm nan PS 399, 2707 Albemarle Rd. nan Brooklyn nan
Patisipasyon nou nan aktivite Northeast Political Prisoner Coalition samdi a kote yo te prezante liv "Look for me in the Whirlwind"
Remèsiman pou fanmi ki sipòte travay Eritye Papa Desalin nan epi nou ankouraje oditè k ap koute ki ka fè yon kontribisyon anvan fen ane a kote yo ka jwenn rabè pou kontribisyon an nan task y ap gen pou peye leta
Konbit pou selebrasyon 3 zan KOMOKODA samdi 16 desanm 2017 @ 8pm nan PS 399, 2707 Albemarle Rd. nan Brooklyn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Dec 11, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 desanm 2017
Monday Dec 11, 2017
Monday Dec 11, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye sè nou Raymonde Amedée, manm KOMOKODA ki pèdi frè li Msye Hill Antoine
Nou jete dlo pou Sanba Manno Charlemagne ki fè travèse li yè dimanch 10 desanm nan nan laj 69 lannen
Ranmase sou Vandredi 8 desanm Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Ti koze ak gran frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) sou kolaborasyon SELA (Sant Enfòmasyon Lè Ayisyèn) ak Manno
Refleksyon nou sou pil ak pakèt dosye misyonè blan predatè pedofil k ap vare sou popilasyon Ayisyen an pandan nou konstate silans ak enpotans total bò kote klas politik la
Konbit pou selebrasyon 3 zan KOMOKODA samdi 16 desanm 2017 @ 8pm nan PS 399, 2707 Albemarle Rd. nan Brooklyn nan
Tuesday Dec 05, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 desanm 2017
Tuesday Dec 05, 2017
Tuesday Dec 05, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
John Conyers, depite Meriken an ki gen plis tan nan djòb la bay demisyon li nan moman plizyè ansyen fanm ki te travay pou li ap akize l te fè gwo presyon seksyèl sou yo; Refleksyon nou sou vag akizasyon agresyon seksyèl k ap sakaje plizyè sektè peyi Etazini
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Gouvèlman peyi Jamayik deside louvri yon envestigasyon sou vòl ak malvèsasyon konpayi Digicel
Konbit pou fèt 3 zan KOMOKODA a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Yon gwoup avoka defans nan vil NY la manifeste kont Imigrasyon (ICE) k ap fè desanydelye vin ranmase imigran nan tribinal pou depòte yo
-Dosye ansyen Jeneral Meriken Michael Flynn ki devan lajistis Meriken
Monday Dec 04, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 desanm 2017
Monday Dec 04, 2017
Monday Dec 04, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou salye memwa sè nou Sonia Pierre. Jodi a fè 6 lannen depi li fè travèse l
Ranmase sou Vandredi Premye desanm Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Nouvèl:
-Peyi Etazini nan wout pou genyen nouvo lwa taks ki chavire totalman anfavè gran nèg nan peyi a
-Ochan pou ti jennonm Kore Dinò a ki rive konpli misyon ranje kò l pou defann souvrènte peyi li kòmsadwa
-Pèp Honduras la leve kanpe kont Koudeta elektoral Washington ap manniganse a
-Yon ti goudougoudou frape zòn Nòdès Etazini an jedi apremidi
Anons:
-Vandredi Anba Tonnèl pou 8 desanm 2017, 7pm
-Selebrasyon 3 zan KOMOKODA samdi 16 desanm 2017, 8pm