September 26, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl:
-Etidyan Howard University manifeste kont administrasyon lekòl la ki bay James Comey ansyen direktè FBI la yon pozisyon ki pote non Martin Luther King Jr epi ba l fè diskou prensipal nan seremoni pou akeyi nouvo etidyan nan lekòl la
Gwo dega siklòn Maria fè nan zile Ladominik; enpòtans pou n pote kole nan konbit k ap fèt pou rebati peyi a; nou pase son Premye Minis peyi a Roosevelt Skerrit k ap mande konkou
Nou ankouraje kominote rele biwo depite Yvette Clarke pou fè l konnen se pou yon kanpay Amnesty General pou tout 11 milyon san papye yo n ap batay
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou travay Amnesty General la; aktivite n ap antreprann; epi enpòtans pou avoka Ayisyen ak pitit Ayisyen yo kanpe pou defann moun nan kominote a ki gen pwoblèm imigrasyon
Nou pale plis son ki soti nan selebrasyon 259yèm anivèsè nesans Papa Desalin nan
Anons
September 25, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti ranmase sou selebrasyon 259yèm anivèsè nesans Papa Desalin nan ak Vandredi Anba Tonnèl la ak frè nou Ernest Banatte (Mèt Bano)
Mobilizasyon pou 8 oktòb 2017, 4pm, fowòm sou imigrasyon ak David Wilson ak Jane Guskin ki fèk pibliye 2yèm edisyon liv "The Politics of Immigration" epi pou selebrasyon 3 zan KOMOKODA k ap fèt samdi 21 oktòb 2017 a 8pm. Tou 2 aktivite yo ap fèt nan PS 399, 2707 Albemarle Rd nan Brooklyn nan
Ti son nan manifestasyon kont Jovenel Moise ki te fèt nan legliz Pastè Nikola mèkredi swa
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou travay KOMOKODA ak koalisyon Mobilizasyon pou Amnesty pou Tout Moun
Son selebrasyon anivèsè nesans Papa Desalin nan:
-2 fanmi ki te pale nan mikro louvri a
-Frè nou Frantz Louis k ap resite pwezi Moriso Lewa "Mèsi Papa Desalin"
-Ti pale frè nou Raymond Dugué, responsab òganizasyon UNIA-ACL
-Sè nou Igèt Dejan ki mennen chante "Ki sa pou n fè?"
September 19, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons pou tout eritye yo vin selebre nesans papa peyi nou Janjak Desalin Mèkredi 20 septanm k ap vini an nan PS 399 nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Gouvènman Trump la bay pwolongasyon TPS pou yon milye sitwayen Soudan ak 49 sitwayen Sid Soudan
-Dega siklòn Maria fè nan zile Ladominik epi wout kònòsò yo prevwa li pral fè nan jou k ap vini yo
-Yon gwoup jèn Latino pete yon eskonbrit nan yon konferans pou laprès chèf Democrat yo nan Kongrè a Nancy Pelosi t ap fè nan Kalifòni - Nou pase son mobilizasyon an
Dosye Amnesty General la ak frè nou Fritzner Pierre ak mobilizasyon k ap fèt nan NY la pou kwape ti restavèk Martelly a k rele Jovenel Moise la devan kay Pastè Nicholas a
Ti koze ak avoka Vanessa Merton, responsab John Jay Legal Services sou dosye frè nou Reginald Castel gouvènman Meriken an depòte jodi a ak travay òganizasyon l nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
September 18, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons pou tout eritye yo vin selebre nesans papa peyi nou Janjak Desalin Mèkredi 20 septanm k ap vini an nan PS 399 nan Brooklyn nan
Ti ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nouvèl:
-Siklòn Maria menase plizyè zile Karayib la ak lakay nou
-Rezilta eleksyon primè yo nan zòn NY la
-Donald Trump revoke Kenneth Merten
-$250,000 kosyon pou Dr. Joseph Baptiste
-Yon bis Diyite boule nan Granrivyèdinò
-Koukouwouj nan dengonn Lakwawouj k ap kontinye ranmase lajan nan non viktim desas natirèl
Dosye Amnesty General la ak frè nou Fritzner Pierre ak refleksyon nou sou mobilizasyon k ap fèt nan NY la pou kwape ti restavèk Martelly a k rele Jovenel Moise la
Ti koze ak gran sè nou Gad Flanbo a Bayyinah Bello sou selebrasyon 259yèm anivèsè Papa Desalin
Ti lekti 7 premye atik Konstitisyon 1805 la
September 13, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou n jwenn fanmi vin ede nou al bay trak Amnesty General nan lari a
Remèsiman pou fanmi k bay kontribisyon yo pou fèt Papa Desalin nan ak trak Amnesty General yo
Mèsi Papa Desalin - Travay Feliks Moriso Lewa
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Konbit pou n jwenn fanmi k al ede nou bay trak Amnesty General nan lari a jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons lanmò konpatriyòt Leon Gerard Michelle Agnant ak konpatriyòt Jean Claude Dugué
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
September 11, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons pou tout eritye yo vin selebre nesans papa peyi nou Janjak Desalin Mèkredi 20 septanm k ap vini an
Ti ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Refleksyon nou sou dega siklòn Irma fè nan Karayib la epi kontinye ap fè Ozetazini
Refleksyon nou sou pwogram imigrasyon DACA ak TPS ak nesesite pou tout moun pote kole nan mouvman Amnesty General la
Nou sonje koudeta nan Chile 11 septanm 1973; masak nan Sen Jan Bosko 11 septanm 1987; sasinay Antoine Izmery 11 septanm 1993; frap sou Etazini 11 septanm 2001
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
September 5, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Siklòn Irma menase fè gwo dega istorik nan plizyè zòn Karayib la sitou lakay nou
Donald Trump deside fini ak pwogram DACA Obama te bay pou anpeche depòtasyon moun ki te vini Ozetazini san papye anvan yo te gen 16 an epi ki panko rive 31 an
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo sou travay Mobilization for Amnesty for All fè sou Eastern Parkway a yè lendi a
Entèvyon (Angle-English) ak avoka Van Henry White sou dosye frè nou Reginald Castel gouvènman Trump la ap depòte
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
Anons
September 4, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti refleksyon sou "Labor Day" (Fèt Travayè) k ap fete Ozetazini yo jodi a
Ti ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti koze ak sè nou Marie Lourdes St Jean Beauté (Machan) sou distribisyon trak Amnesty General koalisyon Mobilization for Amnesty for All ap fè sou Eastern Parkway a jodi a
Nouvèl:
-Pwoblèm ak fason Lakwa Wouj ap jere èd pou viktim siklòn Harvey nan Texas yo
-Jij federal Ameriken Sandra Townes voye jete dosye viktim kolera an Ayiti kont Nasyonzini an
-FBI arete responsab NOAH ak Haitian Diaspora Federation nan Joseph Baptiste
Nou salye sè Veronica Nickey Phillips ki pase pran trak Amnesty General nan radyo a
Liy ouvè ak oditè yo