Episodes
Tuesday Mar 28, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 mas 2017
Tuesday Mar 28, 2017
Tuesday Mar 28, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti ranmase frè nou Frantz Louis sou selebrasyon mwa fanm Eritye Papa Desalin nan
Son aktivite a:
-Dantò k ap jete dlo pou sa n pa wè yo
-Asanble a k ap chante Im Nasyonal la
-Jacqueline Salnave k ap pale sou Ghislaine Charlier
-Sister Betty Davis k ap pale sou Lynne Stewart
-Pèfòmans Fanmi Asòtò
Konbit ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou mobilizasyon KOMOKODA k ap fèt apredimidi a nan Brooklyn College pou kwape Kenneth Merten
Liy ouvè ak oditè yo
Konbit pou fowòm sou imigrasyon KOMOKODA ansanm ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap òganize dimanch 2 avril la nan Brooklyn nan
Monday Mar 27, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 mas 2017
Monday Mar 27, 2017
Monday Mar 27, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons manif KOMOKODA ap fè demen devan Student Center Brooklyn College pou pwoteste kont Haitian Studies Institue k ap mennen anbasadè Mateli a Kenneth Merten vin pale nan kominote a epi anons pou fowòm sou imigrasyon KOMOKODA ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap fè dimanch 2 avril
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines pou retou Rèy Enperyal la
Refleksyon sou imaj videyo ki soti ki montre ki demaske komedi Meriken-Mateli-Jovenel la ki rele Agritrans lan pou montaj li ye a
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou 2 aktivite nou yo semèn sa a
Tuesday Mar 21, 2017
Emisyon Ertiye Papa Desalin pou madi 21 mas 2017
Tuesday Mar 21, 2017
Tuesday Mar 21, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou Selebrasyon Mwa Fanm Eritye Papa Desalin ap òganize dimanch 26 mas la a 5pm nan PS 399
Konbit pou mobilizasyon KOMOKODA k ap fèt madi 28 mas 5pm devan Student Center nan Brooklyn College la pou manifeste kont prezans Kenneth Merten
Refleksyon nou sou tantativ sasinay ki fèt sou Prezidan Jean-Bertrand Aristide yè apremidi
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Jodi a 21 mas fè 57 lannen depi masak Sharpeville nan Afrik Disid kote fòs represyon sistèm Apartheid la te rive sasinen 69 tyovi
Peyi Lasuis resi deside renmèt Ayiti 6 milyon 250 mil dola lajan Jean-Claude Duvalier te vòlò k te rete lakay yo
Monday Mar 20, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 mas 2017
Monday Mar 20, 2017
Monday Mar 20, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti eskiz parapò ak emisyon an k pa t fèt madi pase
2 anons:
-Selebrasyon Mwa Fanm Eritye Papa Desalin nan ap fèt dimanch k ap vini an, 26 mas 2017
-Manif KOMOKODA devan Brooklyn College madi 28 mas pou pwoteste kont Haitian Studies Institute ki envite Kenneth Merten vin pale sou Ayiti
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak frè nou Frantz Louis
Segman ak frè nou Tiecoura Dorleans Dessalines sou retou Rèy Enperyal la
Koze KOMOKODA ansanm ak frè nou Fritzner Pierre
Monday Mar 13, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 mas 2017
Monday Mar 13, 2017
Monday Mar 13, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe ak anrejistreman fanmi Vandredi Anba Tonnèl la k ap chante Im Nasyonal peyi nou ak non 2 fanm vanyan ansanm ak 2 gason vanyan nan listwa olye nou kontinye lwe gason yo senpman
Omaj pou gran sè nou avoka Lynne Stewart ki fè travèse li madi 7 mas 2017
-Rankont nou ak Lynne Stewart
-Ti moso nan entèvyou Lakou NY ak Lynne ak mari li Ralph Poynter nan stidyo Radyo Pa Nou
-Josmene ak Feline Guerrier k ap bay yon ti rapò rankont Anba Tonnèl nou ak Lynne ak Ralph
-Dènye mesaj Ralph Poynter nan simityè a devan sèkèy Lynne
Mesaj KOMOKODA ak Fritzner Pierre
Repòtaj andirèk frè nou Wilner Altidor devan tonm Rene Preval nan Mamlad
Ti koze sou lit KOMOKODA pou fòse Donald Trump ak kongrè Meriken an bay Amnesty General pou imigran san papye Ozetazini ak distribisyon trak nou t al fè devan PS 6 nan Brooklyn nan kote Mathieu Eugene t ap fè yon aktivite sou imigrasyon mèkredi pase a
Tuesday Mar 07, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 mas 2017
Tuesday Mar 07, 2017
Tuesday Mar 07, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon sou 8 mas la ki se Jounen Entènasyonal Fanm
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Detay sou sèvis lantèman ansyen Prezidan Rene Preval
-Ti ranmase sou sasinay Kim Jong Nam, frè Prezidan Koredinò a
-Wikileaks lage yon gwo lo dokiman nan lari maten an ki montre pa gen okenn espas elektwonik ki sekrè pou sèvis espyonaj Meriken an
-Pwopozisyon lwa nan lejislati lavil NY la pou ta ekzije lapolis devwale zouti ak kondisyon espyonaj elektwonik yo
-Depatman Deta Meriken pibliye rapò anyèl yo sou blanchiman lajan ak krim finansye: 204 paj epi yo pa wè 14 kanè bank Jovenel yo nan gwo liv la
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou dosye ki konsène KOMOKODA:
-Koripsyon lakay
-Aba Prezidan tchoul restavèk maryonèt Martelly a-Pou kominote Ayisyen Ozetazini ta pote kole nan batay pou tout imigran san papye Ozetazini ta jwenn yon amnesty general bò kote gouvènman Trump lan
-Pou nou tout pote kole pou n fèmen Digicel Ayiti
Monday Mar 06, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 mas 2017
Monday Mar 06, 2017
Monday Mar 06, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou ansyen Prezidan Rene Preval ki fè travèse li
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Segman ak frè nou Tiecoura Dorleans Dessalines sou retou Rèy Enperyal la
Refleksyon gran frè nou Jean Claude Martineau (Koralen) sou eritaj Rene Preval kite dèyè
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Feb 28, 2017
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 fevriye 2017
Tuesday Feb 28, 2017
Tuesday Feb 28, 2017
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Remèsiman pou fanmi k kenbe men ak emisyon an
Refleksyon sou kèk apèl nou jwenn
-Pou Dahoud sispann di "gwo mo wonflan" nan emisyon an
-Pouki sa nou denonse òganizasyon IJDH ak BAI k ap chache lajan LONI nan non viktim kolera yo
-Si mwa fevriye nan ane 2017 la te pote 29 jou demen t ap 29 fevriye, 13 lannen depi koudeta kidnaping 2004 la
-Digicel anonse depi mwa desanm 2016 la se pa ti kòb yo pèdi nan mache Ayiti ak Jamayik la
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Alatèt sendika Sèjan nan Lapolis NY (NYPD) anonse se ak politik imigrasyon Donald Trump lan lapolis NY ap mache
Anons:
-Enpòtans pou Ayisyen sipòte òganizasyon k ap batay pou kominote a
-Vandredi Anba Tonnèl