Episodes
Tuesday May 31, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 me 2016
Tuesday May 31, 2016
Tuesday May 31, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ti koze ak sè nou Viergela Pierre ansanm ak pitit li Harmony Divine sou prezantasyon li pral fè nan Vandredi Anba Tonnèl la vandredi 3 jen an epi sou aktivite "Dance Africa" nan Brooklyn nan k ap fini jodi a
Refleksyon nou sou jounen "Memorial Day" Etazini ap fete jounen jodi a
2 ti mo sou rankont World Afrikan Diaspora Union dimanch la
Refleksyon sou Barack Obama ki ale nan Hiroshima kòm premye prezidan Meriken ki ale la depi Etazini lage bonb atomik sou vil sila a
Dènye devlopman nan eleksyon Etazini an; Mobilizasyon pou manif k ap fèt nan Philadelphia pandan konvansyon pati Demokrat la
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday May 24, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 me 2016
Tuesday May 24, 2016
Tuesday May 24, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Si l te la toujou Emisyon Lakou NY t ap gen 12 rekòt kafe jodi a; Nou salye Manno Louizaire ak tout lòt fanmi ki te pèmèt inisyativ sila a te rive gen 10 lannen
Anons
Emisyon espesyal pou make 2 lannen depi Gouvènman Dominiken an vini ak lwa 169-14 la:
-Altagracia Jean Joseph pale ak Rubens Delly ki se yon militan k ap travay sou dosye a
-Ti koze ak avoka Manuel Dejesus Dandre sou jan limenm li evalye 2 lannen depi lwa sila a egziste
Monday May 23, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 me 2016
Monday May 23, 2016
Monday May 23, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ranmase sou rankont UNIA-Divizyon 432 nan Queens la fè yè Vandredi a
Nouvèl:
-Inyon Afrikèn anonse nouvèl ki te di Ayiti ap vin yon manm òganizasyon sila a nan mwa Jen an se te yon malatchong
-Jij Barry Williams nan Baltimore, MD deside polisye Edward Nero ki te akize kòm prensipal responsab nan sasinay Freddy Gray inosan
Ti koze ak sè nou Bayyinah Bello sou fèt drapo a
Ti koze ak frè nou Jacob Pierre-Louis k ap òganize tounen li lakay
Tuesday May 17, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 me 2016
Tuesday May 17, 2016
Tuesday May 17, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons aktivite pou jou k ap vini yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki pale ansanm ak Beneco Enecia
Nou repase ti moso nan entèvyou emisyon Lakou NY te fè ak sè nou Bayyinah Bello 18 me 2012
Liy ouvè ak oditè yo
Monday May 16, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 me 2016
Monday May 16, 2016
Monday May 16, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Fundraiser IFCO/Pastors for Peace ki te fèt Vandredi 13 me 2016
Son nan aktivite IFCO a kote Ninaj Raoul ak Gail Walker ap prezante Dahoud rekonsans òganizasyon an epi mesaj Dahoud
Koudeta nan peyi Brezil
Refleksyon sou selebrasyon drapo Ayisyen Flanbwayan te òganize samdi a epi dappiyanp NYC Councilman Mathieu Eugene nan aktivite sila a
Ayibobo pou avoka aktivis Michael Ratner ki fè travèse li mèkredi pase: Nou pale ak sè nou Ninaj Raoul ak zanmi nou avoka Joel Kupferman
Tuesday May 10, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 me 2016
Tuesday May 10, 2016
Tuesday May 10, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons aktivite nan kominote a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki ansanm ak konpatriyòt Melvius Philismat
Vwa Hillary Clinton k ap bay manti depale
Monday May 09, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 me 2016
Monday May 09, 2016
Monday May 09, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Nouvèl:
-Sou eleksyon Ozetazini: Jis jounen jodi a konsèy eleksyon nan lavil NY la panko bay rezilta ofisyèl Primary 19 avril yo
-"Hacker" Guccifer bay rapò rantre soti li nan bwat email Hillary Clinton yo; Putin t ap suiv tout aktivite Guccifer nan epòk sila a
-Madanm Muammar Qadafi tounen viv nan peyi li
-Ayiti ap vin yon manm antye Inyon Afrikèn nan mwa Jen an
-Lèt tou louvri Msye Sylvestre Fils Dorcilus ekri Minis-Jounalis Marcus Garcia
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou pozisyon KOMOKODA nan evolisyon eleksyon pa bò isit Ozetazini
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday May 03, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 me 2016
Tuesday May 03, 2016
Tuesday May 03, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou Afeni Shakur,, ansyen militan Black Panther epi manman Tupac Shakur ki fè travèse li yè
Mizik Tupac Shakur te fè pou manman li Afeni: Dear Mama
Nouvèl:
-Bato ki t ap soti Gonayiv pou al Bonbadopolis ki fè nofraj
-Rapò manif May Day nan Union Square nan Manhattan; Mesaj nou te pataje nan manifestasyon an
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Prezantasyon Randall Robinson nan Detroit, Michigan sou koudeta kidnaping 2004 la: Aristide, Ayiti, epi pèfidi Etazini ak lafanmi Clinton nan
Anons:
-Pèfomans Kongo nan Manhattan Vandredi swa
-Selebrasyon Flanbwayan 14 me pou fete drapo Ayisyen an
-Pyès teyat "Tout manman se manman" Voix et Tambours d'Haiti ap prezante nan Wingate HS la dimanch 22 me
Monday May 02, 2016
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 me 2016
Monday May 02, 2016
Monday May 02, 2016
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl 29 avril la ak sè nou Fabienne Hyacinthe
Ayibobo pou Fanm Vanyan St. Anne Maurice, yon fanmi nan Benè Jacob te pale nou de li nan Anba Tonnèl la Vandredi swa ki mouri yon mò sibit madi k sot pase a
Yon ti moso nan entèvyou Michel Soukar ak François Benoit sou masak 26 avril 1963 a ki te pase nan Radio Signal FM 26 avril 2013
Nouvèl
-Lachin pase yon lwa pou sentre fonksyònman ONG etranjè yo sou teritwa li
-Pèp souvren nan vil Bagdad nan peyi Irak pèse "Green Zone" nan epi anvayi palman peyi a
-Dokiman Panama yo; rapò yo ak peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Nou jete dlo pou Pè militan aktivis Daniel Berrigan ki fè travèse li nan laj 94 lannen
Bernie Sanders di l fèk kare batay epi ti esplikasyon sou "Primary" pati Demokrat la k te fèt nan NY 19 avril la