Episodes
Tuesday Oct 27, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 27 oktòb 2015
Tuesday Oct 27, 2015
Tuesday Oct 27, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl
-Tranblemanntè nan Afghanistan
-mobilizasyon October 22nd ak Riseup October kont maspinay lapolis semèn pase a
-gran près Meriken an vle fè konprann pa gen okenn pikan kwenna k rete pou anpeche Hillary Clinton rantre nan Mezon Blanch la
-Seri atik sou politik sasinay "drone" Barak Obama a
Entèvyou ak Hilary Laforce ki se responsab Folk Research Centre nan Sent Lisi souselebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl nan peyi sila a
Anons:
-Konbit pou soutni emisyon an
-Pelerinaj jedi 26 novanm nan Plymouth pou n al pote solidarite n bay endijèn yo
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Oct 26, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 26 oktòb 2015
Monday Oct 26, 2015
Monday Oct 26, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Kout je sou eleksyon ki fèt nan diferan peyi sou latè ayè dimanch 25 oktòb la
Refleksyon sou joujou lakomedi lakay nou an
Liy ouvè ak oditè yo
ti koze ak Menès Dejoie epi ak Syto Cave sou aktivite k ap fèt nan wikenn nan pou selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl
Anons:
-Konbit pou soutni emisyon Eritye Papa Desalin
-Pelerinaj pou n al kore endijèn yo k ap make 46yèm Jounen Nasyonal Dèy la ansanm ak sè ak frè endijèn yo jedi 26 novanm 2015
Tuesday Oct 20, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 20 oktòb 2015
Tuesday Oct 20, 2015
Tuesday Oct 20, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou prete vwa grandèt Felix Morisseau Leroy pou ede n rele Aba tout kandida
Ti koze ak konpatriyòt Jean Robert Elie ki lakay sou sa l wè nan lari Pòtoprens parapò ak eleksyon ki ta dwe fèt yo
Repòtaj Kay Vwazen ansanm ak sè nou Altagracia Jean Joseph: Altagracia pale ak ti frè li Elmo Bida Joseph ki pataje eksperyans pèsonèl li kòm yon pitit Ayisyen ki fèt nan Repiblik Dominikèn
Anons:
-Manifestasyon 22 oktòb kont maspinay ak sasinay lapolis
-Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap pran randevou pou ede moun ranpli pou ekstansyon TPS la. si dimanch 25 oktòb la ki dènye delè pou aplike pou renouvle
-Seri aktivite k ap fèt pou selebre Jounen
Monday Oct 19, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 19 oktòb 2015
Monday Oct 19, 2015
Monday Oct 19, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou lantèman Ti Flit
Mesaj remèsiman Madanm Ti Flit, Madam Gizele Deraxin
Nou remèsi Ti Flit dèske l pase pran lawon Ayisyen te batize "Bourik Chaje" a li tou ale ak li
Kòmantè sou deba pati Demokrat la ak enfòmasyon ki soti nan email Hillary yo parapò ak "eleksyon" ki te fèt Ayiti an 2010 la
Kòmantè nou sou reklam "Interim Healthcare" ki parèt nan Rockland Pennysaver 15 oktòb la kote yo di si w se Ayisyen ou pa menm bezwen aplike pou djòb la
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Oct 13, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 13 oktòb 2015
Tuesday Oct 13, 2015
Tuesday Oct 13, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou kontinye rann omaj pou frè nou Aluption Cadet "Ti Flit" ki fè travèse li vandredi 9 oktòb 2015
-Ti koze ak konpatriyòt Lionel Legros, ansyen manm SELA/Lè Ayisyèn sou eksperyans li ak Ti Flit
-Mesaj solidarite frè nou Nickel Luma pou fanmi Ti Flit ak tout kominote a
-Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl
-Gwo bonm eklate touye depase 125 moun nan mitan yon manifestasyon pou lapè nan Ankara, Latiki samdi maten
-Larisi rantre 2 pye long nan goumen Lasiri a pou defann gouvènman peyi sila a
-Etazini arete ansyen Prezidan LONI Arthur Ashe pou dwèt long siperyè
-Julio Iglesias fè konnen li pa p chante nan cazino Donald Trump yo ankò. Pa pito n mande l sa l di pou Repiblik Dominikèn
Ti koze ak Josmene Guerrier, responsab nan Flanbwayan sou fundraiser k ap fèt samdi pou make 10 zan òganizasyon an
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph
Anons:
-Sèvis fineray Ti Flit
-Selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl: 30, 31 oktòb epi Premye Novanm
-Pelerinaj nan Plymouth, MA pou pote solidarite bay endijèn pa bò isit yo k ap make 46yèm Jounen Nasyonal Dèy la 26 Novanm 2015
-Konbit pou n jwenn 120 sipòtè emisyon an ki bay $50 pou ane a
Monday Oct 12, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 12 oktòb 2015
Monday Oct 12, 2015
Monday Oct 12, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi 12 oktòb la se jou ferye Ozetazini pou yo onore asasen kadejakè Kristòf Kolon. Eritye Papa Desalin rele pou tout moun tande:
Aba tout asasen!
Aba tout kadejakè!
Aba Kristòf Kolon!
******
Nou pran premye pati emisyon an pou n rann omaj pou frè nou Aluption "Ti Flit" Cadet ki fè travèse li Vandredi 9 oktòb ki sot pase a
-vwa ak mizik Ti Flit
-mesaj Ougan Maxime ki nan stidyo a ansanm ak nou
-mesaj Minouche Lambert ki fè yon wout ki te long anpil sou beton an ansanm ak Ti Flit
-Liy ouvè ak oditè yo
Refleksyon sou manifestasyon "Justice or Else" ki te fèt nan Washington samdi a ansanm ak Ougan Maxime, Sophia Cantave, Raymond Dugué, epi Nadja Fatal
Tuesday Oct 06, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 6 oktòb 2015
Tuesday Oct 06, 2015
Tuesday Oct 06, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Emisyon espesyal pou make 1 an depi emisyon Eritye Papa Desalin ap balanse nan radyo
Konbit pou ankouraje oditè yo kore travay emisyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Oct 05, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 5 oktòb 2015
Monday Oct 05, 2015
Monday Oct 05, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou viktim masak Trujillo te fè an 1937 sou Ayisyen nan Repiblik
Refleksyon sou mobilizasyon KOMOKODA kont prezans Mateli nan kominote Ayisyen nan NY la
Refleksyon sou mobilizasyon Fanmi Lavalas Pòtoprens 30 septanm 2015
Liy ouvè ak oditè yo