Episodes
Tuesday Apr 28, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 avril 2015
Tuesday Apr 28, 2015
Tuesday Apr 28, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou eskize nou pou anons nou te fè yè sou aktivite David Dinkins ak Hillary Clinton nan Columbia University. Se pa t jodi a. Se demen maten aktivite sila a ap fèt
Nouvèl
-Goudougoudou frape peyi Nepal
-Vil Baltimore nan Maryland eklate apre sasinay Freddie Gray anba men lapolis
-Zenofòb nan peyi Afrik Disid ap fè Afriken nwa parèy yo ki soti lòt peyi lachas
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph
Dosye Hillary Clinton nan:
-KOMOKODA ap tann tout sa k ka vini demen maten 9am devan Columbia University (116th St ak Broadway)
-Nan depase $500 million ki rantre nan Fondasyon Clinton nan ant 2009 rive 2012, se annik 15% ki ale nan peyi kote yo di y ap ede yo
-Bill demisyone kòn "Honorary Chancellor" nan Laureate International University. Konbyen l t ap touche nan djòb la? Li pa p di.
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Apr 27, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 avril 2015
Monday Apr 27, 2015
Monday Apr 27, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon sou 26 avril 1963 ak 26 avril 1986
Ranmase sou aktivite nan semèn ki sot pase a:
-Manif jedi 23 avril KOMOKODA fè devan biwo Hillary Clinton nan
-Dyalòg sou 20 avril 1990 nan rankont Vandredi Anba Tonnèl
-Manif samdi 25 avril pou make 61yèm anivèsè nesans Mumia Abu Jamal epi pou ekzije liberasyon li
-Rankont UNIA-Divizyon 432 ak prezantasyon Raymond Dugué sou Revolisyon Ayisyen an
Repòtaj Wilner Altidor depi Wanament
Ki kote nou ye nan dosye Hillary Clinton nan
Mobilizasyon pou pikèt devan Columbia University demen maten kote ansyen majistra David Dinkins pral chache lave figi "Hilliary"
Tuesday Apr 21, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 avril 2015
Tuesday Apr 21, 2015
Tuesday Apr 21, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon pou manifestasyon jedi 23 avril devan katye jeneral Hillary Clinton ansanm ak Minouche Lambert
Liy ouvè ak oditè yo
Entèvyou ak Suzanne Ross, reprezantan Free Mumia Coalition, sou mobilizasyon k ap fèt samdi 25 avril pou bloke mannigèt pou sasinen Mumia epi an menm tan selebre anivèsè nesans li
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph ansanm ak konpatriyòt Jacques Renold
Monday Apr 20, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 avril 2015
Monday Apr 20, 2015
Monday Apr 20, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Son nan manifestasyon 20 avril 1990 - jodi a fè 25 an depi kominote Ayisyen nan zòn NY la te kanpe pou defann lonè pèp nou; Refleksyon nou sou dat sila a
Ranmase sou enfòmasyon ki nan Bilten nouvèl Eritye Papa Desalin nan pou semèn nan
Nouvèl
-Sweet Micky lage kanmarad li Woodly Etheart alyas Sonson Lafamilia nan prizon
-Patisipasyon atis kolabo nan Karavàn Teyat Lapè MINUSTHA ap fè atravè peyi a pou lolo pèp Ayisyen an
Entèvyou ak frè nou Raymond Dugué sou UNIA-ACL, Marcus Garvey, Carlos Cooks, ak aktivite y ap òganize dimanch 26 avril la
Nouvèl
-Gouvènman Bahamas deside ofri popilasyon peyi a lajan pou denonse Ayisyen ki nan peyi yo san papye
-Rapò Konsòsyòm Jounalis Entènasyonal sou fason pwojè Bank Mondyal yo miltipliye povrete olye yo eliminie l
Friday Apr 17, 2015
Patrick Elie k ap pale sou pwojè Simen pou Demen
Friday Apr 17, 2015
Friday Apr 17, 2015
ti bout nan entèvyou emisyon Eritye Papa Desalin fè lendi 13 avril 2015 ak Patrick Elie kote li prezante kominote a pwojè Simen pou Demen an
Tuesday Apr 14, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 avril 2015
Tuesday Apr 14, 2015
Tuesday Apr 14, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons lanmò Msye Joseph Raoul Ferdinand - Fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi an
Nou wete chapo n epi jete dlo pou ekriven Irigweyen Eduardo Galeano ki fè travèse li yè lendi a
Repòtaj frè nou Wilner Altidor depi Wanament sou leve kanpe popilasyon nan zòn Nòdès la sou zafè kouran an; lanmò yon sòlda MINUSTHA; arestasyon Dr. Claude Joazard
Dènye nouvèl sou dosye Larisi ak Likrèn nan
Gouvènman Meriken an arete Limongy Jean, yon ofisyèl nan gouvènman Martelly a pou trafik dwòg
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Entèvyou ak Profesè James Small sou Dr. Ben ak travay li a k ap kontinye atravè elèv li yo
Anons
-Manif KOMOKODA 23 jedi avril, 3-6pm devan Katye Jeneral Hillary Clinton nan Brooklyn
-Konferans UNIA-ACL divizyon 432 ap fè 26 avril, 4pm nan Afrikan Poetry Theater
Monday Apr 13, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 avril 2015
Monday Apr 13, 2015
Monday Apr 13, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou wete chapo n epi jete dlo pou fanmi nou yo ki mouri nan kanntè ki fè nofraj nan zòn Obòy mèkredi swa a. Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou fanmi yo
Anons lanmò Msye Joseph Raoul Ferdinand - Fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi an
Ranmase sou enfòmasyon ki nan bilten nouvèl Eritye Papa Desalin semèn sa a
Ti koze ak Liseberth Conde, responsab Sant Kiltirèl Granchimen k ap remèsye piblik la pou sipò yo nan selebrasyon pou onore Papa Tousen samdi pase a
Nouvèl
-Manifestasyon KOMOKODA jedi 9 avril pou batize katye jeneral Hillary Clinton nan Brooklyn nan; son manifestasyon an
-Somè "Amerik" la; Rankont Raul ak Obama; Somè Pèp Rejyon an
Ti koze ak gran frè nou Patrick Elie sou maskarad eleksyon blan an; bouzendri san remò nan medya Ayisyen an; pwojè li angaje l ladan l pou pataje konesans ak eksperyans ak jèn yo nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Apr 07, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 avril 2015
Tuesday Apr 07, 2015
Tuesday Apr 07, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Emisyon espesyal pou salye Vanyan Tousen Louvèti. Jodi a make 212 lannen depi Napoleyon Bonapat te koupe souf li.
Refleksyon nou sou Tousen
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak Azaka ak Lisberthe, 2 manm Gwoup Kiltirèl Granchimen, sou aktivite y ap fè samdi pou selebre Tousen Louvèti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Apr 06, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 avril 2015
Monday Apr 06, 2015
Monday Apr 06, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons lanmò Msye Joseph Raoul Ferdinand - Fòs, kouraj, ak lanmou pou fanmi an
Ti koze ak manm KOMOKODA Fritzner Pierre sou desizyon Hillary Clinton pou l plante katye jeneral kanpay li nan Brooklyn nan
Nouvèl:
-Lakou siperyè dèkont peyi d Ayiti anonse lajan dyaspora Mateli ak bizawèl li yo ap manje depi mwa jen 2011 la se yon taks ilegal leta Ayisyen pa rekonèt
-Apre yon karyè ap fòme pwopagandis pou Vwadlamerik nan USIS nan Washington, Daly Valet ateri nan Platfòm Pitit Desalin
-Prezidan peyi Tchekoslovaki deklare anbasadè Meriken nan peyi sila a pa andwa met pye l nan palè nasyonal peyi a
-Premye Minis peyi Lababad deside li lè li tan pou peyi li granmoun; yo fout fini ak koze larèn Angletè kòm chèf deta peyi a
-Sid Afriken yo deside dechouke stati ak moniman k ap venere blan ki te sasinen yo epi mete yo nan chenn sou pwòp teritwa yo
Ranmase sou enfòmasyon ki nan Bilten Eritye Papa Desalin pou semèn sa a
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Mar 31, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 31 mas 2015
Tuesday Mar 31, 2015
Tuesday Mar 31, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mesaj frè nou Borgela Philistin pou medam yo nan okazyon Mwa Fanm nan
Rapò ak son ki soti nan konferans pou laprès KOMOKODA fè maten an devan biwo Hillary Clinton nan
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph nan Repiblik Dominikèn