Episodes
Monday Mar 30, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 30 mas 2015
Monday Mar 30, 2015
Monday Mar 30, 2015
3-30-15
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ayibobo pou Grann Nini (Rose Viergelie Pierre), fanm vanyan devan letènèl, ki fè travèse li ayè dimanch 29 mas la
Refleksyon nou sou Selebrasyon Mwa Fanm Eritye Papa Desalin te òganize yè
Liy ouvè ak oditè yo sou fèt la
Refleksyon Agathina Nozy, responsab nan Eritye Papa Desalin
Mesaj Mèt Bano (Ernest Banatte) sou aktivite k ap fèt pou make 100 lannen okipasyon 1915-2015 lan
Ti koze sou konferans pou laprès KOMOKODA ap fè demen madi a devan biwo Hillary Clinton pou denonse kandidati Hillary a epi mande depatman lajistis Etazini pou pousiv li pou destriksyon evidans
Liy ouvè ak oditè yo sou konferans pou laprès la
Tuesday Mar 24, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 24 mas 2015
Tuesday Mar 24, 2015
Tuesday Mar 24, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze ak Prof. Bayyinah Bello sou aktivite Fondasyon Felisite pou mwa fanm nan epi sou sa l ap pote nan selebrasyon Eritye Papa Desalin nan k ap fèt dimanch 29 mas la
Liy ouvè ak oditè yo sou fèt la
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph nan Repiblik Dominikèn
Monday Mar 23, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 23 mas 2015
Monday Mar 23, 2015
Monday Mar 23, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou aktivite semèn nan
-Manif KOMOKODA jedi pase devan biwo Hillary Clinton nan Manhattan
-Dr. Yosef Ben Johachnan fè travèse li jedi pase
-Lantèman Madam Allene Person fèt samdi a
-192 pati ak platfòm politik tout bèt deside rantre nan won joujou lakomedi Mateli ak blan an
-Rankont ayè dimanch la ak Ana Maria Belique ak Hanglet Tejada ki soti Sen Domeng
-Tele Image emèt rapò ankèt yo t al fè Sen Domeng sou lanmò frè nou Henry Claude Jean; Nou pase vwa sè nou Jacqueline Charles, yon Ayisyèn k ap bouske lavi a Sen Domeng, ki te pale ak Tele Image
Ti koze ak zanmi nou Jacob Pierre-Louis sou fèt Fanm Eritye Papa Desalin ap òganize dimanch 29 mas k ap vini an
Liy ouvè ak oditè sou fèt la
Ti koze ak Senatè Polikap sou koze eleksyon an
Tuesday Mar 17, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 17 mas 2015
Tuesday Mar 17, 2015
Tuesday Mar 17, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
3 aktivite nou ankouraje oditè yo sipòte
-jedi 19 mas 2015, 3pm-6pm manifestasyon devan biwo Hillary Clinton, 120 W 45th St nan Manhattan
-samdi 28 mas, 9pm, fèt 22 an emisyon Fòk Sa Chanje nan Paradise Caterers, 51 Ave U ant W11th & W12th nan Bklyn nan
-dimanch
29 mas, 5-8pm, Selebrasyon Eritye Papa Desalin ap òganize pou make mwa
Fanm nan PS 399, Rogers Ave ak Albemarle Rd nan Bklyn nan
Nouvèl
-Gouvènman Ayisyen di l ka gen ti pwoblèm nan koze eleksyon an akoz MINUSTHA ki p ap la nan tout depatman peyi a yo pou ba li pwoteksyon
-Atik ki parèt yè nan NY Times sou koripsyon ak briganday nan gouvènman Mateli a
-gwo manifestasyon nan Brezil pou jete gouvènman Dilma Rouseff la; eskandal koripsyon nan konpayi Petrobras nan peyi sila a; milyon dola koripsyon Petrobras k al ateri nan kòfrefò Fondasyon Clinton
-Apati 25 avril Delta ap kanpe vòl dirèk chak jou NY-Pòtoprens yo a
Ti koze ak frè nou Jacob François k ap viv nan zòn Mao nan Repiblik Dominikèn sou agresyon ak sasinay fanmi nou yo ap sibi nan zòn sila a
Nou jete dlo pou salye Madam Allene Person ki fè travèse li
Monday Mar 16, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 16 mas 2015
Monday Mar 16, 2015
Monday Mar 16, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
3 aktivite nou ankouraje oditè yo sipòte
-manifestasyon jedi 19 mas 2015, 3pm-6pm devan biwo Hillary Clinton, 120 W 45th St nan Manhattan
-fèt 22 an emisyon Fòk Sa Chanje samdi 28 mas nan Paradise Caterers nan Bklyn nan
-dimanch 29 mas, 5-8pm, Selebrasyon Eritye Papa Desalin ap òganize pou make mwa Fanm nan PS 399, Rogers Ave ak Albemarle Rd nan Bklyn nan
Ti koze ak konpatriyòt Fritzner Pierre sou manifestasyon k ap fèt devan biwo Hillary Clinton jedi a
Salitasyon pou Pastè Milau ki pa t nan emisyon li jodi a
Jodi a fè 15 an depi polisye Anthony Vasquez te sasinen Patrick Dorismond nan lari NY
Devlopman nan dosye frè nou Henry Claude Jean rasis Dominiken te pann nan yon pye bwa nan Santiago nan Repiblik Dominikèn
Ranmase sou sa k nan Bilten Nouvèl Eritye Papa Desalin semèn sa a
Entèvyou ak Patrick Elie sou sasinay Oriel Jean ak entèvyou Guy Delva mete deyò a epi sou moman politik jodi a
Tuesday Mar 10, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 10 mas 2015
Tuesday Mar 10, 2015
Tuesday Mar 10, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph ansanm ak avoka Manuel de Jesús Dandre
Nouvèl
-Tribinal kroupyon nan peyi Kotdivwa deside bay Madam Simone Gbagbo, madanm ansyen prezidan peyi a Laurent Gbagbo pinisyon 20 lannen nan prizon pou wòl yo di l te jwe nan vyolans 2010 yo
-Nouvèl nan lese frape Larisi ak Ikrèn nan; Lajistis peyi Larisi anons li arete 5 sispèk kòm responsab sasinay Boris Nemtstov epi yonn nan yo konfese krim nan
-Kim ki-Jong, yon Sid Koreyen ki patizan inite ak Kore dinò, tchake Mark Lippert, anbasadè Meriken nan Kore disid ak kout kouto. Anpil san koule men sa pa t twò grav. Lopital rive koud anbasadè a
-Prezidan Meriken an, Barak Obama, deklare peyi Venezyela se yon gwo menas pou peyi Etazini epi l ogmante sanksyon sou peyi sila a; Koneksyon ki genyen ant desizyon Etazini an ak chire pit ki genyen ant Venezyela ak peyi Giyàn pou luil ki nan zòn tou 2 peyi vwazen sa yo reklame
-Skandal email Hillary Clinton nan
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Mar 09, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 9 mas 2015
Monday Mar 09, 2015
Monday Mar 09, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti refleksyon sou 8 mas, Jounen Entènasyonal Fanm
Ranmase sou aktivite yo nan semèn nan
-Eritye Papa Desalin koumanse pibliye yon bilten nouvèl nan entènèt la
-Rapò dyalòg nan Vandredi Anba Tonnèl la ki te fèt sou sijè ki moun nou gade kou yon bèl moun
-Ayisyen ak patizan lajistis nan Montreal te fè yon manif samdi kont "apartheid" nan Sen Domeng
Ti koze ak Nickel Luma ak Fritz Beauté, 2 manm KOMOKODA (Komite Mobilizasyon kont Diktati an Ayiti), sou selebrasyon "Interstate Fanmi Lavalas" te fè pou make Jounen Entènasyonal Fanm yè
Ti koze ak Agathina Nozy, manm ekip Eritye Papa Desalin nan, sou selebrasyon n ap òganize dimanch 29 mas pou make Mwa Fanm nan
Entèvyou ak konpatriyòt Mathulnes Lamy, prezidan KOPI (Konbit Peyizan Ilavach) sou lit y ap kontinye pou yo pa pèdi tè yo
Refleksyon sou mannigèt lafanmi Clinton ak bouzendri trèt Ayisyen nan zafè vòlò resous min anba tè peyi nou
Tuesday Mar 03, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 3 mas 2015
Tuesday Mar 03, 2015
Tuesday Mar 03, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon sou zak pwovokasyon ki kontinye ap fèt pou monte tèt Dominiken ak Ayisyen pou 2 pèp sa yo ta nan tire manchèt
Omaj pou frè nou Sony Esteus ki fè travèse li: Nou pase yon entèvyou emisyon Lakou NY te fè ak msye 22 oktòb 2009
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph
Monday Mar 02, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 2 mas 2015
Monday Mar 02, 2015
Monday Mar 02, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou aktivite semèn nan
-bon nouvèl - Jounal Santinèl Pèp la repran lari (http://santinel.net46.net/)
-patisipasyon nou samdi a nan aktivite African Brotherhood for Self Determination (AB4SD) nan memwa Malcolm X ak Sonny Abubadika Carson
-www.skiplagged.com - se yon sit entènèt ki pèmèt ou jwenn tikè avyon pi bon mache (yo pa peye nou; nou pa travay pou yo!)
Nouvèl
-Yon lanmò bridsoukou - Konpatriyòt Sony Esteus, responsab SAKS (www.saks-haiti.org) fè travèse li - Yon kokenn pèt nan batay pou lang Kreyòl la epi pou Ayiti ta vin yon sosyete san fòs kote
-Refleksyon sou "GWO" manifestasyon ki fèt Pòtoprens mèkredi pase a pou pwoteste kont move tretman Ayisyen ak pitit Ayisyen ap sibi Sendomeng epi sou dosye sila a an jeneral
-Venezyela deside bride "diplomasi" Meriken nan peyi yo epi ekzije viza pou touris Etazini ki vle vizite peyi yo
-Sweet Micky "djaz gwo zozo" san bann nan deside enstale kadejakè Josue Pierre-Louis kòm sekretè jeneral nan primati
Liy ouvè ak oditè yo