Episodes
Monday Feb 10, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 fevriye 2020
Monday Feb 10, 2020
Monday Feb 10, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Yon lòt fwa ankò nou salye frè nou Oneza Lafontant ki pèdi manman li Madam Eliane Lafontant; Nou salye madanm Oneza, Ninaj Raoul ak tout rès fanmi an
Nou salye sè nou Igèt Dejan ki pèdi frè jimo li Alix Dejean; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou tout fanmi an
Yè swa KOMOKODA te fete frè nou Vilcere Romulus ki t ap selebre anivèsè nesans li yè dimanch lan; Nou salye sè nou Raymonde Amedée k ap selebre anivèsè li jodi a
Nou salye Pastè Milau Thelusma ki t ap selebre anivèsè nesans li yè dimanch lan
Nou salye frè nou Fritzner Pierre ki nan stidyo a ak nou
Rapò sou manifestasyon KOMOKODA nan Manhattan jedi pase; Bofi Gwomoso Jared Kushner di pye sa m manje m pa ba ou
Levanjil liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nouvèl:
-Yon ajan ICE ki t ap pousuiv yon imigran Meksiken pou Etazini depòte l tire yon lòt moun nan Brooklyn nan
-Yon nèg nwa tire yon polis nan NY la epi nan landemen menm eleman sila a rantre al ouvè zam anndan yon pòs polis nan Bronx nan NY la; Sendika sèjan lapolis NY deklare majistra deBlasio lagè. Yo di se majistra a ki ouvè pòt pou mòd atak sa yo sou lapolis
-Anpil bri sou kontra Gouvènman Meriken an siyen ak yon konpayi prive pou pèmèt ajan imigrasyon trake telefòn selilè plizyè milyon moun nan peyi a
Liy ouvè ak oditè yo
Atik Associated Press k ap voye ti restavèk yo Jovenel Moise monte
Anons
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.