Episodes
Monday Dec 27, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 desanm 2021
Monday Dec 27, 2021
Monday Dec 27, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua
Mobilizasyon pou bloke bal Martelly ki anonse pou Vandredi 14 janvye 2022
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 24 desanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Ti koze ak sè nou Rheza Boucard sou dine Klib Zanmi Kiba nan Jakmèl la te fè pou remèsye Brigad Medikal Kiben ki nan Sidès la
Refleksyon nou sou kichòy ki frape imajinasyon nou pandan ane 2021 an
Liy ouvè ak oditè yo
Refleksyon nou Pastè Desmond Tutu ki fè travèse li maten an nan laj 90 lannen
Chak jou k ap pase n ap wè nouvo akò k ap sòti anba wòch epi koutye Meriken yo anndan kou deyò peyi a k ap pale menm ti pawòl Kenneth Merten nan: Fòk akò yo akòde
Anons
Tuesday Dec 21, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 desanm 2021
Tuesday Dec 21, 2021
Tuesday Dec 21, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Mobilizasyon pou n ankouraje 40 moun deplase ak KOMOKODA mèkredi 12 janvye pou n al manifeste kont lafanmi Clinton nan Chappaqua
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nouvèl:
-Nouvèl sou dosye Omikwon an
-Entènasyonal la voye 108,000 dòz vaksen kovid Johnson & Johnson bay Ayiti
-Majistra lavil New York la ofri $100 vèt pou tout moun ki ta deja fin pran 2 dòz vaksen kovid epi k ta aksepte pran "booster" a anvan premye janvye 2022, jou l ap renmèt pouvwa a bay Eric Adams
-Diplis sou kont blan an rakonte sou fason 12 blan misyonè k te rete nan men kidnapè 400 Mawozo yo rive sove nan mitan lannuit; CNN te gen rapòte kidnapè yo te touche pou liberasyon blan yo
Ti koze ak Mèt Bano sou sasinay lapolis NY fè yè maten nan Eastern Parkway ak Utica sou yon jèn gason 26 lannen k te rele Eudes Pierre
Ti koze ak sè nou yo Zermatt Scutt ak Abdaly "Louli" Lessage sou ekriven aktivis bell hooks epi sou travay 2 medam sa yo ap fè nan Edisyon 2 Kreyòl yo nan Jakmèl
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Dec 20, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 desanm 2021
Monday Dec 20, 2021
Monday Dec 20, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 17 desanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Tradiksyon deklarasyon gwoup Christian Aid Ministries sou misyonè yo te kidnape yo ak refleksyon nou sou istwa yo rakonte a
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Gabriel Boric, yon jèn militan mouvman etidyan peyi Chili genyen dezyèm tou eleksyon pou prezidan nan laj 35 lannen
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Lopital Sakrekè nan Milo relouvri apre dife Premye novanm nan
-Jounal Miami Herald pibliye yon editoryal pou mande retou MINISTA nan peyi a
-Administrasyon Biden nan di l pa p kontinye negosyasyon ak avoka fanmi refijye yo Gouvènman Trump la te separe yo ak pitit yo
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Dec 14, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 desanm 2021
Tuesday Dec 14, 2021
Tuesday Dec 14, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Repòtaj frè nou Wilner Altidor sou kamyon gaz ki ekploze Okap la yè swa
Anons
Ti koze ak sè nou Rheza Boucard Gonzalez sou selebrasyon Klib Zanmi Kiba nan Sidès la ap òganize pou fen ane a pou remèsye Brigadye Kiben yo k ap bay sèvis yo nan Sidès la
Konbit pou oditè yo pote kole ak Kiben yo
Liy ouvè ak oditè yo
Nouvèl:
-Otorite Bahamas di yo jwenn 108 migran Ayisyen ki te fèk debake nan kanntè lakay yo; Yo nan prizon annatandan yo prezante yo devan jij epi pimpe yo tounen lakay yo
-Tònad frape plizyè eta Ozetazini; Plis pase 100 moun mouri, anpil kay ak biznis kraze; Lachin voye senpati l epi ofri pou voye èd imanitè bay viktim yo
-Ti rès Sena larepiblik la kondane pri gaz la Gouvènman Ariel Henry a monte a epi yo mande pou l desann
-Gwo koze souvrènte nasyonal nan enstalasyon Konsèy Nasyonal Tranzisyon akò Montana a
-Chaje Dafè Meriken an Kenneth Merten bay Radio Ginen yon entèvyou kote l mande pou akò yo akòde pandan li fè yon ti souri pou l di Etazini pa janm fè enjerans nan politik Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Dec 13, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 desanm 2021
Monday Dec 13, 2021
Monday Dec 13, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 10 desanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Konsèy Minisipal lavil NY la vote jedi a pou pèmèt imigran ki pa sitwayen Meriken vote nan eleksyon lokal
-Malgre federal la pa reponn apèl li te fè pou yo ba l lese pase pou ede nouvo refijye Ayisyen yo, Gouvènè Massachussetts la Charlie Baker pwopoze yon bidjè ak $20 milyon pou ede refijye Afghani ak Ayisyen ki fèk debake nan eta sa a
-Etazini kontinye ap gaye sanksyon adwat agoch kont ofisyèl divès peyi etranje pou sa l rele koripsyon yo fè lakay yo
-Tribinal Angletè deside peyi sa a dwe voye ansyen alatèt Wikileaks la Julian Assange vin jije pou espyonaj Ozetazini
-Yon gwo aksidan kamyon nan Meksik touye 55 refijye k te nan wout pou Etazini; Gouvènman Meksiken an deside sere boulon sou chofè kamyon yo sispèk k ap transpòte refijye epi li mande Etazini chanje politik migratwa li
-Ti komik restavèk Claude Joseph tanmen mannèv pou moun ta pran l pou yon patriyòt ki t ap defann pèp Ayisyen an akote ti vòlè apatrid Jovenel Moise
-Yè maten jounal NY Times pibliye rapò ankèt li di l mennen sou sasinay apatrid Jovenel Moise
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Dec 07, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 desanm 2021
Tuesday Dec 07, 2021
Tuesday Dec 07, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Emisyon espesyal pou make 10 lannen depi sè nou Sonia Pierre fè travèse li
Repòtaj emisyon Lakou NY te fè pandan lantèman an
Refleksyon frè nou Wilner Altidor ki Wanament
Refleksyon sè nou Ninaj Raoul
Ti moso nan omaj jèn yo nan Kay pou akeyi timoun yo Sonia te bati Leyogàn apre Goudougoudou a
Refleksyon Mèt Bano
Ti moso nan dènye entèvyou Lakou NY te fè ak Sonia 2 novanm 2011
Entèvyou nou te fè pandan lantèman Sonia
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Dec 06, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 desanm 2021
Monday Dec 06, 2021
Monday Dec 06, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Ranmase sou Vandredi Anba Tonnèl pou Vandredi 3 desanm 2021 ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines ki nan peyi Kiba
Nouvèl:
-Sèvis Jezuit pou Migran nan peyi d Ayiti fè konnen se 12,000 Ayisyen Gouvènman Meriken an pimpe Ayiti soti mitan mwa septanm pou rive fen novanm ane sa a
-Gouvènman Meksiken an di l siyen akò ak refijye yo pou l ba yo viza pou 1 an akondisyon yo dakò rete Meksik, yo pa pran wout ale chache travèse fwontyè Etazini
-Gouvènman Ayisyen an jwenn sipò Meriken pou l louvri yon konsila nan Tapachula
-Anbasad Kanada ann Ayiti demanti enfòmasyon k ap sikile nan nèt la pou fè konnen Kanada ap rekrite enfimyè Ayisyen pou al travay Kanada
-Gwo envestisè Pfizer ak Moderna yo ta rantre 10 milya dola nan ti bout tan depi koze Omikwon an ap bay panik nan lari a
-Varyasyon Omikwon ta sanble yon gwo van ti lapli
-Administrasyon lopital Sakrekè nan Milo anonse y ap relouvri nan jou k ap vini yo
-Gwoup misyonè Chritian Aid Ministries anonse liberasyon 3 lòt nan misyonè blan yo
-Majistra lavil NY la Bill deBlasio deside tout biznis prive nan vil la gen obligasyon pou asire tout anplwaye yo pran vaksen pou pi ta 27 desanm
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project sou "Pop-Up Shop" y ap òganize samdi ak dimanch k ap vini an
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Nov 30, 2021
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 30 novanm 2021
Tuesday Nov 30, 2021
Tuesday Nov 30, 2021
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Repòtaj kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn
Nan jounen moun Etazini yo vin batize "Giving Tuesday" nou ankouraje oditè Eritye Papa Desalin yo pote kole nan konbit Vandredi Anba Tonnèl pou n ranmase $100,000 pou n ede kèk fanmi nan 3 depatman Gran Sid la ki te viktim Goudougoudou 14 Out la rebati kay yo