Episodes
Monday Jun 29, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 jen 2020
Monday Jun 29, 2020
Monday Jun 29, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou pwojè "Merite pa Mande"
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 26 jen 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Konbit pou pwojè "Merite pa Mande"
Tuesday Jun 23, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 jen 2020
Tuesday Jun 23, 2020
Tuesday Jun 23, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou fèk soti nan lantèman frè nou Ernest Janus; Nou salye tout fanmi ki te fè deplasman an pou salye vanyan an
Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou moman n ap viv jodi a Ozetazini epi nan mond lan: Kowonaviris lan; Dosye George Floyd lan; Batay pou kapote sistèm rasis k ap taye banda nan mond lan
Nouvèl:
-Pi gwo tribinal Ozetazini deside Donald Trump pa gen dwa kraze pwogram DACA Obama te kreye pou pèmèt timoun ki rantre nan peyi a san papye viv kòmsadwa nan peyi a san kè sote
-Anpil moun ap ridikilize alatèt chanm depite Meriken an Nancy Pelosi paske apre 30 lannen li fè nan chanm nan se jodi a li mande pou retire imaj 4 ansyen alatèt chanm nan paske yo te rasis pandan l pa di anyen sou papa li ki responsab enstalasyon plizyè moniman rasis pandan l te majistra vil Baltimore
-Majistra vil New York lan Bill deBlasio anonse l ap enstale 5 gwo desen nan 5 seksyon vil la pou denonse abi lapolis fè moun nwa; ke apati ane pwochèn 19 jen an ap vin yon jou ferye nan vil la; epi l poze siyati l sou yon seri pwopozisyon lwa pou sentre lapolis l ap boude depi ane 2014
-Otorite nan peyi Ghana ann Afrik kònen lanbi a pou tout moun nwa k ap viv nan peyi blan rasis yo pou yo tounen lakay yo
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Konbit pou pwojè Merite pa Mande
Monday Jun 22, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 jen 2020
Monday Jun 22, 2020
Monday Jun 22, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou salye memwa frè nou Ernst Janus, manm Sant Kiltirèl Granchimen ki fè travèse l; Lantèman frè a ap fèt demen madi a 10è dimaten nan Frantz Daniel Jean Funeral Services
Nou salye ti nyès mwen Leeya Joseph ki gradyè nan Middle School mèkredi pase epi ki te selebre anivèsè nesans li vandredi a; Nou salye tou demwazèl Harmony Divine, pitit sè nou Viergela Pierre ki limenm tou te selebre anivèsè nesans li Vandredi a epi k ap gradye High School jodi a
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 19 jen 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Yon ti koze sou lanmò Janus lan; Konbit kominote a te fè pou lantèman Kamarad Weber; Enpòtans pou nou chanje chemiz pou moun ki swe pou nou
Liy ouvè ak oditè yo
Refleksyon sou dekrè ti tchoul restavèk lakay yo pran yon lòt fwa ankò sou zafè transfè lajan dyaspora a voye lakay
Tuesday Jun 16, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 jen 2020
Tuesday Jun 16, 2020
Tuesday Jun 16, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Mobilizasyon lari a ap fè tout politisyen yo bat kò yo, chikin kò yo kòmkwa yo kanpe ak pèp la pandan dosye yo la pou montre se ak polis yo kanpe pandan tout karyè yo
Nou remèsye tout fanmi ki te rele seswa nan radyo a oswa nan telefòn pou salye mwen ak Roselyn nan okazyon 24 lannen maryaj nou
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Mobilizasyon pou manifestasyon December 12th Movement ap òganize devan City Hall nan Manhattan Vandredi 19 jen a midi
Gwo konpayi teknoloji yo (Facebook, Google, Microsoft, Verizon, AT&T) ap mete deklarasyon, kriye nan mouchwa yo pou George Floyd anmenm tan yo bay lapolis atravè Etazini tout zouti pou touye epi toupizi moun nwa ak malere nan lari a
Ti koze ak sè nou Darnell Benoit sou gwo travay atis pent ap fè pou lonje dwèt sou rasism nan sosyete a nan mitan Fulton Street nan Bedstuy
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Jun 15, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 jen 2020
Monday Jun 15, 2020
Monday Jun 15, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje moun Ozetazini yo ak tout lòt ki pran lari akoz enjistis moun nwa ap sibi yo pou yo rete sou beton an epi pou yo kenbe lari a cho!
Jodi 15 jen 2020 an fè 24 lannen depi mwen ak Roselyn marye. Anvan sa nou te fè 10 lannen renmen. Mwen di l Mèsi Anpil pou 34 lannen konba, 34 lannen lanmou, 34 lannen respè
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 12 jen 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Vòl Jetblue aleretou Ayiti pou jou k ap vini yo epi sa k pa fin klè nan règ jwèt restavèk vòle blan mete opouvwa yo ap pale
Mobilizasyon pou manifestasyon December 12th Movement ap òganize devan City Hall nan Manhattan Vandredi 19 jen a midi
Pinga pou politisyen ti komik Pati Demokrat la yo nan zòn New York la ki fè tout karyè yo ap sipòte lapolis epi jodi a ap vire djòl yo lanvè kòmkwa ap mande jistis pou George Floyd
Bravo pou Fanmi moun lapolis touye nan zòn New York la ki ekri yon lèt tou louvri bay gouvènè eta a Andrew Cuomo pou di l yo pa bliye tout tray li fè yo pase
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Jun 09, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 jen 2020
Tuesday Jun 09, 2020
Tuesday Jun 09, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph: Arestasyon fanmi ki t ap manifeste pou konekte sitiyasyon moun nwa nan Repiblik Dominikèn ak dosye George Floyd lan
Ti koze ak sè nou Colette Pean ki se manm Mouvman 12 Desanm sou manifestasyon y ap òganize devan City Hall nan Manhattan Vandredi 19 jen 5è nan apremidi
Ti koze ak sè nou Elda Brunache sou reyalite fanmi nou yo nan Site Solèy jounen jodi a
Mobilizasyon pou manifestasyon paran moun lapolis nan NY la sasinen ak Justice Committee ap fè devan City Hall 5è apremidi a
Liy ouvè ak oditè yo
Black Lives Matter!
Palestinian Lives Matter!
Se kounyè a limyè ap fèt sou 4 polis nan Tacoma, Washington ki te touye Manuel Ellis, yon jèn gason nwa depi 3 mas 2020
Anons
Monday Jun 08, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 jen 2020
Monday Jun 08, 2020
Monday Jun 08, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou ankouraje moun Ozetazini yo ak tout lòt ki pran lari akoz enjistis moun nwa ap sibi yo pou yo rete sou beton an epi pou yo kenbe lari a cho!
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 5 jen 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Nou pa ankouraje fanmi ki pa gen papye pran nan lari a nan manifestasyon yo
Prekosyon pou moun k ap soti nan lari a ta pran anvan yo soti epi ti remèd pou n jere gaz lakrimojèn nan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Jun 02, 2020
English Segment of 6-2-20 Eritye Papa Desalin Radio Program
Tuesday Jun 02, 2020
Tuesday Jun 02, 2020
Viola Plummer of the December 12th Movement speaking at yesterday's Brooklyn D12 organized protest
Interview with Brother Frank Brown of the December 12th Movement
Peter Tosh: Get up, Stand up!
Interview with Juanita Young, mother of 23 year old Malcolm Ferguson who was murdered by the NYPD on March 1st, 2000
Gil Scott-Heron: Enough
Tuesday Jun 02, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 jen 2020
Tuesday Jun 02, 2020
Tuesday Jun 02, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze an Angle ak frè nou Frank Brown ki se manm Mouvman 12 Desanm sou manifestasyon yo te òganize yè apremidi a
Ti koze an Angle ak sè nou Juanita Young ki se manman Malcolm Ferguson, yon jèn gason 23 lannen lapolis New York te sasinen premye mas 2000
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Refleksyon nou sou enpòtans pou kominote a mete pye l nan dlo pou reyalite nou chanje
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Jun 01, 2020
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye jen 2020
Monday Jun 01, 2020
Monday Jun 01, 2020
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon nou sou leve kanpe k ap fèt atravè Etazini epi lòt kote nan mond lan sou sasinay George Floyd lan
Ranmase sou rankont Vandredi Anba Tonnèl 29 me 2020 an ak sè nou Fabyèn Yasent
Mobilizasyon pou manifestasyon òganizasyon December 12th Movement ap fè a 5è apremidi nan Nostrand ak Fulton nan Brooklyn nan
Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Liy ouvè ak oditè yo
Anons