Episodes
Wednesday Apr 03, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 3 avril 2024
Wednesday Apr 03, 2024
Wednesday Apr 03, 2024
Nou jete dlo pou Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Goudougoudou 7.4 frape Taiwan
-Minis Defans Estoni, yon peyi ki manm LOTAN, avwe tout peyi LOTAN yo deja gen sòlda yo sou teren an nan Ikrèn
E si destriksyon Pòtoprens lan pa ta travay "gang"?
-vyolans pònografik nan peyi "sovaj" la pou chache kamoufle kou Meriken ap pran nan Ikrèn ak jenosid nan Gaza
Liy ouvè ak oditè yo
Apre plis pase 3 lannen, pwogram Democracy Now resi tounen ak Kim Ives k ap pouse "revolisyon" Babekyou a; Nan bwase, chache, Amy Goodman resi jwenn yon Ayisyen (Jemima Pierre) ki di apre 6 lannen depi Babekyou ap touye, rache, boule, fè kadejak sou malere nan katye popilè yo li panko ka deside si Babekyou ta ka ap fè yon revolisyon tout bon vre
Anons
Tuesday Apr 02, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 avril 2024
Tuesday Apr 02, 2024
Tuesday Apr 02, 2024
Nouvèl Siri, Larisi, Gaza, Ayiti; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nouvèl:
-Atak sou konsila Iran nan Siri kote yo touye wograde nan Gad Revolisyonè Islamik la; Iran ak Hezbollah di moun ki responsab yo bat chen an tann mèt li
-Larisi kontinye ap arete moun ki te patisipe atak teworis 22 mas la; Prezidan Putin di sèvis entelijans yo definitivman enplike lajan ki soti Ikrèn nan atak la
-Prezidan eli Senegal la, Bassirou Diomaye Faye prete sèman maten an kòm 5yèm prezidan peyi li
-Israel bonbade machin ONG "World Central Kitchen" nan Gaza; Yo touye 7 moun
-Dènye nouvèl peyi nou
Nou tradui yon atik Counterpunch.org ki se temwanyaj yon sitwayen Meriken k ap viv nan zòn "anwo" Pòtoprens yo ki te blije kite kay li:
https://www.counterpunch.org/2024/03/22/an-eyewitness-account-from-the-streets-of-haiti/
Suit ak dosye Addison Pierre Maalouf ki t al Ayiti ak misyon pou l te voye Babekyou monte
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Apr 01, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi Premye avril 2024
Monday Apr 01, 2024
Monday Apr 01, 2024
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Ti koze ak Prof. Asselin Charles sou enpòtans pou ta gen yon derape koupe fache ki ta fèt sou fondasyon zansèt nou yo kite pou nou; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
-Dennis Hankins, nouvo anbasadè Meriken Washington voye ann Ayiti a pa t ka tann koulèv 7 tèt la, li pote dokiman li nan minis afè etranjè jwèt la, Jean Victor Geneus
-Depi Vandredi Babekyou mande yon plas sou tab negosyasyon an; li wete inifòm militè a; Jounal Meriken yo menm koumanse rele asasen kadejakè a "Mr. Cherizier"
-Apre nou tande deklarasyon Dan Cohen sou konvèsasyon li ak Kim Ives ak Babekyou ki mennen Lanmò San Jou libere Addison Pierre Maalouf n ap mande tout moun ki ta gen yon fanmi yo oswa yon zanmi yo nan men kidnapè pou yo kontakte biwo G9 nan Brooklyn nan (Haiti Liberté, 718-421-0162)
Ti koze ak frè nou Prof. Asselin Charles sou yon tik li te ekri apre Goudougoudou a an 2010 pou mande Ayisyen pou n tounen nan rasin nou, nan prensip zansèt yo te trase pou Ayiti yo: Pou chodyè nou drese sou 3 wòch dife:
-Se nou ki pou deside pou tèt nou ki ès nou ye
-Se nou ki pou chwazi chimen nou
-Se nou ki pou ba tèt nou manje ak tout sa nou bezwen pou nou viv
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Thursday Mar 28, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 28 mas 2024
Thursday Mar 28, 2024
Thursday Mar 28, 2024
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl Ayiti; Anons ...
**********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Monilizasyon pou yon nouvo TPS pou Ayiti
Nouvèl:
-Konsèy prezidan tranzisyon ti komik la mete premye nòt laprès yo deyò kote yo pwomèt sekirite ak byenèt
-Etazini anonse l ap bay PNH la 10 milyon dola zam ak minisyon
-Veye chalatan ki rele Wycleff Jean an: Nou pa p bliye rakèt "Yele Haiti" li a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Wednesday Mar 27, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 27 mas 2024
Wednesday Mar 27, 2024
Wednesday Mar 27, 2024
Emisyon espesyal sou deklarasyon KOMOKODA mete deyò sou kalfou peyi nou ap travèse jodi a; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Emisyon espesyal sou deklarasyon KOMOKODA mete deyò sou kalfou peyi nou ap travèse jodi a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Mar 26, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 mas 2024
Tuesday Mar 26, 2024
Tuesday Mar 26, 2024
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph: Konbit pou pwa dous pou sezon pak la
Nouvèl:
-Diplis sou zak teworis ki lakòz 139 moun mouri nan peyi Larisi;
Gouvènman Lafrans mete tout peyi a sou pinga apre zak teworis ki fèt Larisi a
-Yon gwo pon nan Maryland kaze epi tonbe apre yon batiman konntenè rantre sou li
-Netanyahu anile vwayaj yon delegasyon gouvènman Israel Ozetazini akoz Etazini fè abstansyon nan vòt Konsèy Sekirite LONI an yè
-Bassirou Diomaye Faye, yon jèn gason 44 lannen eli prezidan peyi Senegal 2 semèn apre li soti nan prizon pou pèsekisyon politik
-Ti fikilte pou CARICOM nan djòb Etazini ba yo fè nan dosye Ayiti a; eleksyon pou prezidan konsèy prezidan 7 tèt la bloke nan pasaj
-Refleksyon nou sou Al Sharpton, Eric Adams, ak yon pil pastè ak politisyen k al pale nan NY City Hall mèkredi pase pou mande Joe Biden pou l demele l fè kichòy pou Ayiti kòm se nan baskou yo peyi nou an ye
-Bwa Kale ap vale teren nan peyi a
-Gwo koze pale nan reyinyon k fèt nan Nasyonzini yè lendi a sou dosye reparasyon pou peyi esklavajis yo ta peye peyi nwa yo
-Dènye nouvèl nan dosye Julian Assange lan
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Monday Mar 25, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 mas 2024
Monday Mar 25, 2024
Monday Mar 25, 2024
Refleksyon nou sou selebrasyon lavi fanmi nou Ralph Poynter ki te fèt jedi pase a nan Riverside Church nan Manhattan; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Refleksyon nou sou selebrasyon lavi fanmi nou Ralph Poynter ki te fèt jedi pase a nan Riverside Church nan Manhattan-Finalman yon rezolisyon Konsèy Sekirite LONI pou mande yon kanpe nan vyolans Israel ak Etazini nan Palestine nan pase maten an
-Kokenn atak teworis sou teritwa Larisi
-Etazini kondane Juan Orlando Hernandez, ansyen Prezidan Onndiras la pou trafik dwòg ak trafik zam
-Ensekirite debòde nan zòn Nò Baringo nan Kenya kote rapò k soti yo di plis pase 2000 fanmi blije kite zòn nan epi lekòl pa louvri depi plizyè mwa
-Nou pase anrejistreman temwanyaj yon kannotye ki t apral Lagonav epi sòlda Meriken kanpe l sou lanmè Ayiti epi fè l kase tèt tounen
-Washington Post pibliye yon atik James Foley, ansyen anbasadè Meriken ann Ayiti kote l di wè pa wè fòk Biden reziyen l voye sòlda Meriken ann Ayiti
-Kamala Harris pran gwo manifestasyon nan Puerto Rico sou dosye Palestine nan ak Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Thursday Mar 21, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 21 mas 2024
Thursday Mar 21, 2024
Thursday Mar 21, 2024
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak Hilario Batista; Nouvèl Larisi ak Ikrèn - Putin di Macron granmoun pa jwe; Prizon pou polisye blan "Goon Squad" yo ki matirize 2 nèg Nwa nan Mississippi; Yon lòt fwa ankò Moise Jean Charles vale pawòl patriyotik li yo; Bwa Kale frape nan Petyonvil; Anons ...
**********
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Selebrasyon lavi Ralph Poynter k ap fèt aswè a nan Riverside Church nan Manhattan
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista: Entèvyou ak Dr. Lily Cerat ki fè pati yon delegasyon moun ki soti nan zòn NY la k al patisipe nan Festival Eva Gaspar nan Ciego de Avilar
Nouvèl:
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn; Putin di Macron granmoun pa jwe
-6 polisye blan nan Mississippi kondane nan prizon paske yo matirize 2 jèn gason nwa
-Yon lòt fwa ankò Moise Jean Charles vale pawòl patriyotik li yo: Li voye reprezantan l bay CARICOM
-Bwa kale sanble l ta retounen sou 2 pye l nan Petyonvil
Anons
Wednesday Mar 20, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 20 mas 2024
Wednesday Mar 20, 2024
Wednesday Mar 20, 2024
Tout "elèv" renmèt CARICOM devwa yo epi tout dakò siyen papye okipasyon peyi a; Jeneral alatèt Southcom Meriken an Laura Richardson di sòlda l yo pare pou mete lòd nan "dezòd" ann Ayiti ; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Lis "sèpan 7 tèt" la pran lari sof li 6 epi CARICOM tou anonse l ap vooye lis la bay PM Ariel Henry pou msye pibliye l nan jounal Moniteur; René Jean-Jumeau, ansyen minis Martelly-Lamothe ak Pierre Jean Raymond Andre, alatèet COODAH, boul grenn Martelly ki te siyen pwotokòl dakò ak gouvènman Ariel Henry a an 2021 enskri kòm reprezantan dyaspora a
Nouvèl:
-Niger mande Meriken pou bay talon yo nan baz dwòn yo genyen lakay li
-Jeneral militè Southcom Meriken Laura Richardson di sòlda l yo pare pou mete lòd nan "dezòd" ann Ayiti; Yo annik ap tann lòd Pentagon ak Depatman Deta; Irfaan Ali di li wont pou admèt lame peyi CARICOM la yo pa anmezi pou ede Ayiti
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday Mar 19, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 mas 2024
Tuesday Mar 19, 2024
Tuesday Mar 19, 2024
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak Altagracia Jean Joseph; Refleksyon nou sou entèvyou Ki Sa Nou Vle (Radio Ibo) ak Paul Altidor; Entèvyou WPIX Channel 11 ak Dahoud; Liy ouvè ak oditè yo
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou militan Meriken Marty Goodman, yon zanmi lit pèp Ayisyen an ki fè travèse li
Nou jete dlo pou avoka militan Nwa Meriken Joan Gibbs ki fè travèse li
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Politisyen yo voye chwa prezidan yo ba CARICOM
Refleksyon nou sou entèvyou emisyon Radio Ibo "Ki Sa Nou Vle" fè jodi a ak Paul Altidor, ansyen vis prezidan Clinton Bush Fund epi ansyen anbasadè Ayiti nan Washington
(https://www.youtube.com/watch?v=u4Q5nOWDzhY)
Nouvèl:
-Yon ansyen kòlèg polisye majistra NYC an Eric Adams akize msye ta fè agresyon seksyèl sou li an 1993
-Blan yo debake! Te kwè ayewopò fèmen
-Laurent Lamothe chita pou entèvyou ak jounalis Meriken Tucker Carlson pou pouse pwopagann ki ta vle fè kwè Ayisyen sovaj, kanibal pral anvayi Miyami
Liy ouvè ak oditè yo
Son entèvyou WPIX Channel 11 te fè ak mwen Vandredi maten
(https://www.youtube.com/watch?v=CuhJTlpCu9w)
Liy ouvè ak oditè yo
Anons