Episodes
Tuesday Aug 25, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 dawout 2015
Tuesday Aug 25, 2015
Tuesday Aug 25, 2015
Entwodiksyon - Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Segman Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn ansanm ak konpatriyòt Melvius Philismart k ap pale sou wòl gouvènman Dominiken an ak gouvènman Ayisyen an nan echèk PIDIH ak PNRE a
Ti koze ak gran frè nou Patrick Elie sou reyalite lakay
Monday Aug 24, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 dawout 2015
Monday Aug 24, 2015
Monday Aug 24, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Konbit pou selebrasyon nesans Papa Desalin 20 septanm k ap vini an
Ranmase sou aktivite yo nan semèn nan:
-Vandredi Anba Tonnèl ak Manuela Dandre Pie
-Rankont Konbit pou kore fanmi k ap sot Sendomeng yo
Nouvèl:
-Lese frape ant Kore Dinò ak Kore Disid
-Gouvènman Ayisyen an ap "Carifesta" pou 9 milyon dola vèt pandan tout kalte mizè ak lawont nan dengonn Ayisyen
-Gouvènman Ayisyen ap bat lestomak li dèske l bay 1390 Ayisyen k ap viv Sendomeng dokimantasyon
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Aug 18, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 dawout 2015
Tuesday Aug 18, 2015
Tuesday Aug 18, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons Selebrasyon nesans Papa Desalin 20 septanm k ap vini an ansanm ak konpatriyòt Rosnel Jean Baptiste, koòdanatè Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
Nouvèl ak analiz sou:
-Reyalite nan peyi Libi apre Kadafi
-Reklam MONUSCO/MINISTA pou di sòlda LONI yo pou yo sispann fè kadejak sou timoun
-Pou ki sa nou di Federal la ap mezire Hillary pou rechany prizon li
Dyalòg ak Manuela Dandre Pyè, pitit Sonia Pierre sou travay MUDHA ak reyalite Ayisyen ak pitit Ayisyen Sen Domeng
Monday Aug 17, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 dawout 2015
Monday Aug 17, 2015
Monday Aug 17, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze ak Raymond Dugué ak Michael Duncan, responsab UNIA Div. 432 nan okazyon 128yèm anivèsè nesans Marcus Garvey
Ti koze ak Deenps "Granbwa" Bazile sou selebrasyon Seremoni Bwa Kay Iman li te òganize nan Prospect Park samdi pase
Flash ansyen korespondan Lakou NY Wilner Altidor sou aksidan trajik Kafou Lanmò a kote 23 sè ak frè nou pèdi lavi yo
Nouvèl
-Malgre pèsekisyon Ayisyen kontinye ap chèche lavi nan Bahamas
-Repiblik Dominikèn anonse l ap rekòmanse ranmase epi depòte Ayisyen
-Y ap mezire Hillary Clinton pou rad prizon li
Tuesday Aug 11, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 dawout 2015
Tuesday Aug 11, 2015
Tuesday Aug 11, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Refleksyon sou anivèsè zak teworis Etazini te fè an 1945 lè l lage bonb atomik sou Hiroshima ak Nagasaki nan Japon
Refleksyon sou 1 an apre lapolis nan Ferguson, MO sasinen Michael Brown
Refleksyon sou eleksyon chanpwèl Meriken/Mateli a ak bann kandida ti komik yo
Ti koze ak avoka Manuel Dandre sou desizyon gouvènman Dominiken an pran pou retire nasyonalite li 57 lannen apre l te fèt
Ti koze ak Agathina Nozy, Sophia Cantave, ak Ninaj Raoul ki te patisipe nan Karavàn IFCO/Pastors for Peace nan peyi Kiba ane sa a
Monday Aug 10, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 dawout 2015
Monday Aug 10, 2015
Monday Aug 10, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou aktivite yo nan wikenn nan
Repòtaj sou manifestasyon devan aktivite Minis Zafè Etranjè Sendomeng Andrés Navarro vandredi pase; ti koze ak jounalis David Green ki fè repòtaj ak sou pwotès nou an
Ti koze ak Deenps "Granbwa" Bazile sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman k ap fèt nan Prospect Park nan Brooklyn nan samdi 15 dawout la
Pyès "Bwa Kay Iman" nan cd Lafimen Jafrikayiti pwodui
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph depi Sendomeng
Tuesday Aug 04, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 daout 2015
Tuesday Aug 04, 2015
Tuesday Aug 04, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Son nan manifestasyon 28 jiyè 2015 nan Pòtoprens
Ti koze ak Mèt Newton St. Juste sou sitiyasyon Sè Dona ki nan prizon san jijman depi mwa jen 2012 ak lòt dosye rejim lawont lan
Dosye kadejakè Michael Geilenfeld ki asiyen epi genyen yon jijman $14.5 milyon nan tribinal nan Maine Ozetazini kont Paul Kendrick ki te defann ti gason Ayisyen ki te viktim msye yo
Ti koze ak Darnell Benoit pou make anivèsè sasinay Pè Ti Jan Pyè Lwi
Monday Aug 03, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 daout 2015
Monday Aug 03, 2015
Monday Aug 03, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou sè nou Minouche Lambert ki pèdi frè li
Ranmase sou aktivite nan semèn nan:
-Virewon kolaboratè nou Altagracia Jean Joseph ki te bò isit nan NY la
-Manif KOMOKODA pou make dat madichon 28 jiyè 2015 la ki fè 100 lannen depi Meriken fè dappiyanp sou peyi nou
-Rankont yè dimanch la pou pousuiv dyalòg sou fason Ayisyen bò isit yo nou ka pote kole ak fanmi k ap soti Sen Domeng yo
Nouvèl nan dosye Hillary Clinton nan
Liy ouvè ak oditè yo