Episodes
Tuesday Jul 28, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 jiyè 2015
Tuesday Jul 28, 2015
Tuesday Jul 28, 2015
Refleksyon nou sou dat madichon 28 jiyè a
Mobilizasyon pou Manifestasyon KOMOKODA ap fè jodi a pou make 100 lannen okipasyon ak dominasyon Etazini sou peyi nou
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre epi ak sè nou Altagracia Jean-Joseph ki nan stidyo a sou 28 jiyè a epi sou manifestasyon an
Liy ouvè ak oditè yo
Monday Jul 27, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 jiyè 2015
Monday Jul 27, 2015
Monday Jul 27, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou nan stidyo ansanm ak kolaboratè nou Altagracia Jean Joseph k ap fè yon ti pase nan zòn NY la
Refleksyon sou anivèsè masak grandon yo nan konkòday ak legliz katolik ak lame d Ayiti fè sou peyizan nan Janrabèl
Ayibobo pou pèp Kiben an ki fete anivèsè atak sou Moncada yè dimanch lan
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA ap fè nan Brooklyn nan demen pou make 100 lannen okipasyon ak dominasyon Etazini sou peyi nou
Ti koze ak Altagracia
Liy ouvè ak oditè yo
Tuesday Jul 21, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 jiyè 2015
Tuesday Jul 21, 2015
Tuesday Jul 21, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze ak Mèt Bano (Ernest Banatte) sou aktivite Inisyativ Patriyotik ap fè pou make 100 lannen okipasyon Meriken an
Ti moso nan repòtaj Radyo Kiskeya sou konferans pou laprès Rosnel Jean Baptiste, responsab Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen sou 28yèm anivèsè masak Janrabèl la
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn
Nouvèl
Monday Jul 20, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 jiyè 2015
Monday Jul 20, 2015
Monday Jul 20, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou aktivite yo nan semèn nan
-lantèman frè nou Ancio Ostane ak 2 pitit li yo fèt samdi a
-konferans "Fair to Women" sou dosye Sen Domeng nan
-Gala Fundraiser UNIA-ACL Div 432
Liy ouvè ak oditè yo sou fason noumenm ki bò isit Ozetazini ka kore fanmi k ap soti Sen Domeng yo
Tuesday Jul 14, 2015
Segman Altagracia nan emisyon EPD madi 14 jiyè 2015
Tuesday Jul 14, 2015
Tuesday Jul 14, 2015
Vizit ankèt OEA Sen Domeng ak Ayiti
5 avoka Dominiken desandan Ayisyen ap reprezante 24 Dominiken ki pitit Ayisyen anfas Gouvènman Dominiken an
Mannigèt Gouvènman Dominiken an pou mele estati Dominiken dorijin Ayisyen yo ak sitiyasyon imigran Ayisyen yo
Rasis Dominiken yo di se Mateli ak Bill Clinton ki alorijin tout pwoblèm yo
Tuesday Jul 14, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 jiyè 2015
Tuesday Jul 14, 2015
Tuesday Jul 14, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti esplikasyon sou fikilte ki lakòz emisyon an pa rive fèt alè yè lendi a
Kouraj pou fanmi Ostane ak Bouaz nan lokazyon aksidan trajik ki lakòz lanmò Ancio ak 2 pitit li yo Andy ak Sephora
Entèvyou ak Marie Marthe St Cyr, responsab Lambi Fund sou òganizasyon an ak selebrasyon y ap fè demen pou make 20 an òganizasyon an
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn
Refleksyon sou lèt komedi IJDH voye bay John Kerry ak Ban Ki Moon pou yo ka touche lajan kolera
Ti mo sou konbit pou Ayisyen bò isit yo ta kore Ayisyen ak pitit Ayisyen Sen Domeng ki tounen lakay yo yon espwa lavi lakay
Monday Jul 13, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 jiyè 2015
Monday Jul 13, 2015
Monday Jul 13, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti esplikasyon sou fikilte ki lakòz emisyon an pa rive fèt alèKouraj pou fanmi Ostane ak Bouaz nan lokazyon aksidan trajik ki lakòz lanmò Ancio Ostane ak 2 pitit li yo Andy ak Sephora
Tuesday Jul 07, 2015
Segman Altagracia nan emisyon EPD madi 7 jiyè 2015
Tuesday Jul 07, 2015
Tuesday Jul 07, 2015
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn nan emisyon Eritye Papa Desalin madi 7 jiyè 2015
-Blòf ki genyen nan kanè sitwayènte Gouvènman Dominiken an fè konnen l ap bay kèk nan pitit Ayisyen yo
-Prèv depòtasyon ak ekspilsyon pandan Gouvènman Dominiken an ap ensiste li pa p depòte pèsonn
-Rasis Dominiken yo di Mateli engra: Se pa dizon sa a l te gen ak yo
-Direktè Centro Bono a ki ta dwe ak sipòte Ayisyen ak pitit Ayisyen yo deklare se manti Gouvènman Ayisyen an ak CARICOM ap fè sou Dominiken
-Apartheid la pa sèlman nan Sen Domeng. Ou pa bezwen chèche fò pou jwenn li Ayiti tou
Tuesday Jul 07, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin madi 7 jiyè 2015
Tuesday Jul 07, 2015
Tuesday Jul 07, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nou jete dlo pou 2 fanmi nou ki fè travèse yo: Anne Marie Solange Fiotte
ki kite nou Madi 30 jen 2015 ak ansyen Konsil Guy Ferdinand ki ale
samdi 4 jiyè 2015 lan
Nouvèl:
-Yon lòt fwa ankò, pèp peyi Lagrès vote kont remèd chwal Bank Mondyal/FMI an
-NY Times pibliye yon atik pou fè konnen Roger Clinton, frè Bill Clinton nan, limenm tou te fè kòb nan goudougoudou Ayiti a
-Kanpay Hillary Clinton nan prevwa li ka gen ti fikilte nan Iowa
-Dosye Sen Domeng nan: 37,000 moun "tounen"; Sweet Micky ak KPlim "en voyage"
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph
Liy ouvè ak oditè yo pou pwopozisyon solisyon dyaspora a ka pote nan sitiyasyon sè ak frè nou k ap soti Sen Domeng yo
Monday Jul 06, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 jiyè 2015
Monday Jul 06, 2015
Monday Jul 06, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Rapò mobilizasyon ki fèt nan semèn nan sou dosye Repiblik Dominikèn nan
Son nan manifestasyon KOMOKODA fè jedi 2 jiyè 2015 lan devan Konsila Ayiti nan NY la pou deboulonnen Mateli
Nouvèl
-4 lannen apre eleksyon 2010 yo Pierre Louis Opont fè pèp Ayisyen an konnen se pa Mateli ki te genyen eleksyon sila a
Nou jete dlo pou 2 fanmi nou ki fè travèse yo: Anne Marie Solange Fiotte ki kite nou Madi 30 jen 2015 ak ansyen Konsil Guy Ferdinand ki ale samdi 4 jiyè 2015 lan
Ranmase sou enfòmasyon ki nan Bilten Nouvèl Eritye Papa Desalin pou semèn nan
Liy ouvè ak oditè yo pou pousuiv pwopozisyon oditè yo pou solisyon dirab pou adrese pwoblèm Ayisyen k apral chache lavi kay vwazen