Episodes
Monday Jun 29, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 jen 2015
Monday Jun 29, 2015
Monday Jun 29, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Remèsiman pou tout moun ki te patisipe nan rankont Eritye Papa Desalin te òganize yè ak Harry Nicolas (Mèt Fèy Vèt)
Mesaj Harry Nicolas
Liy ouvè ak oditè yo
Ti koze ak frè nou Jacob Valcimond ki nan zòn Mao nan Repiblik Dominikèn sou sitiyasyon fanmi nou yo nan zòn nan
Mobilizasyon ansanm ak frè nou Fritzner Pierre pou manifestasyon KOMOKODA ap fè kont Mateli k ap fèt devan Konsila Ayisyen an jedi 2 jiyè a
Tuesday Jun 23, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 jen 2015
Tuesday Jun 23, 2015
Tuesday Jun 23, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
N ap kontinye seri emisyon espesyal nou pou semèn sa a ak frè nou Harry Nicolas (Mèt Fèy Vèt) sou kapasite Ayisyen pou nou sanble pou franchi baryè lènmi mete nan chimen nou; N ap ankouraje oditè yo fè deplasman an dimanch 28 jen, 4pm pou rankont kominote Ayisyen nan NY la ak Harry Nicolas
Liy ouvè ak oditè yo
***********
Rankont kominote Ayisyen nan NY la ak Harry Nicolas:
Dimanch 28 jen, 4pm
Excellent Senior Care
1488 New York Ave
Brooklyn, NY
(ant Foster Ave. ak Farragut Rd.)
Monday Jun 22, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 jen 2015
Monday Jun 22, 2015
Monday Jun 22, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Emisyon espesyal ak frè nou Harry Nicolas (Mèt Fèy Vèt) sou kapasite Ayisyen pou nou sanble pou franchi baryè lènmi mete nan chimen nou; N ap ankouraje oditè yo fè deplasman an dimanch 28 jen, 4pm pou rankont kominote Ayisyen nan NY la ak Harry Nicolas
Liy ouvè ak oditè yo
***********
Rankont kominote Ayisyen nan NY la ak Harry Nicolas:
Dimanch 28 jen, 4pm
Excellent Senior Care
1488 New York Ave
Brooklyn, NY
(ant Foster Ave. ak Farragut Rd.)
Tuesday Jun 16, 2015
Ti koze ak Gimelzain Gonzalez sou zanmi li David Felix
Tuesday Jun 16, 2015
Tuesday Jun 16, 2015
Segman sila a fèt an Angle
Lapolis nan NY sasinen David Felix, yon jèn gason Ayisyen ki te gen 24 lannen nan Manhattan Samdi 25 avril 2015. Menm lè David te soufri maladi mantal li pa t gen zam nan men l epi li pa t prezante okenn menas pou lavi polisye yo oswa okenn lòt moun.
Depi lapolis pa bò isit Ozetazini fin sasinen yon inosan yo tonbe bay manti sou sa k pase a epi tanmen yon kanpay pou fè yon dezyèm sasinay sou karaktè moun yo touye a. Lè konsa laprès nan peyi a fè kò ak leta kòmkwa moun yo touye a te merite lanmò.
Jodi a nou pale ak Gimelzain "Gimela" Gonzalez, yon non zanmi David ki pral pale ti kras sou David Felix li te konnen an.
******
Segment is in English
On April 25th, 2015 the NY Police Department murdered David Felix in Manhattan. David was a 24 year old Haitian immigrant who suffered from mental illness. David was unarmed and was not a threat to the police or anyone else.
Whenever the police in this country murder an innocent person, they lie about what they have done and then they start another process to assasinate that person's character. The country's subservient press goes along and makes as if this person deserved to die.
Today, we speak to David's friend Gimelzain "Gimela" Gonzalez who will tell us about the David Felix that she knew.
Tuesday Jun 16, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 16 jen 2015
Tuesday Jun 16, 2015
Tuesday Jun 16, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl
-Lapolis imigrasyon nan Bahamas tire konpatriyòt Jean Mary Justilien nan kanpay ranmase Ayisyen san papye ki deja voye prèske 2000 Ayisyen lakay yo depi novanm 2014
-Mannigèt Etazini pou arete Prezidan peyi Soudan an Omar al-Bashir pandan l te nan kongrè Inyon Afriken nan Afrik Disid la pa ma mache
-Tribinal peyi Lafrans ki t ap jije ansyen dirijan FMI an Dominique Strauss Khan di menm lè msye se yon chawony li pa koupab pou krim yo te akize l yo
-Lwa "Rent Regulations" ki jere lwaye kay nan plis pase yon milyon apatman nan lavil NY la ekspire
Kòmante Mumia Abu Jamal sou dinasti Bush/Clinton nan
Ti koze (Angle) ak Gimelzain Gonzalez ki te yon bon zanmi David Felix, jèn gason lapolis touye
Ti koze ak frè nou Jean Claudy Aristil, responsab nan Radyo Vwa Klodi Mizo sou koze eleksyon, Ilavach, dosye ki ta dwe okipe lespri pèp Ayisyen an jodi a
Monday Jun 15, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 15 jen 2015
Monday Jun 15, 2015
Monday Jun 15, 2015
Akoz yon pwoblèm teknik se dènye 8 minit emisyon jodi a sèlman nou genyen. Si w te anrejistre emisyon an nou ta apresye sa si w ta pataje yon kopi ak nou: 347-730-3620 oswa atravè email: erityepapadesalin@gmail.com
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou aktivite yo nan semèn nan:
-Remèsiman Wilner, Jeffrey, ak fanmi Jean Ristil pou oditè ki kontinye sipòte yo
-Ti rapò sou lantèman Konpatriyòt Antoine Nicolas, papa frè nou Harry Nicolas (Mèt Fèy Vèt)
-Ti rapò sou omaj pou Deenps "Granbwa" Bazile ki fèt nan Erasmus la samdi a
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou mobilizasyon KOMOKODA ki distribiye 2,500 trak samdi a nan Manhattan ak Brooklyn pandan Hillary Clinton t ap relanse kanpay li nan Roosevelt Island
Segman Spesyal ak sè nou Altagracia Jean Joseph ansanm ak avoka Manuel Dejesus Dandre nan Repiblik Dominikèn sou sitiyasyon fanmi nou yo nan peyi sila a
Tuesday Jun 09, 2015
Segman Altagracia nan emisyon EPD madi 9 jen 2015
Tuesday Jun 09, 2015
Tuesday Jun 09, 2015
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph ki nan Repiblik Dominikèn nan emisyon Eritye Papa Desalin madi 9 jen 2015
-Mobilizasyon kont pwojè min "Loma Miranda no se Vende" pou pwoteje dlo ak resous natirèl peyi a
-Eleksyon bidon k ap planifye nan Repiblik Dominikèn
-Ki jan mouvman sosyal sa yo afekte Ayisyen ak pitit Ayisyen nan Repiblik Dominikèn
-Dekiprevyen menas depòtasyon masiv apre 15 jen / Premye Out
-Lèt toulouvri kèk moun Ozetazini voye bay anbasadè Ayiti nan Washington nan Paul Altidor pou li mande Mateli bay Ayisyen nan Repiblik Dominikèn yo papye prese prese
Tuesday Jun 09, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 9 jen 2015
Tuesday Jun 09, 2015
Tuesday Jun 09, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ti koze ak frè nou Fritzner Pierre sou mobilizasyon KOMOKODA ap fè samdi 13 jen nan Times Square pandan Hillary pral kache kò l nan Roosevelt Island
Ti koze ak sè nou Rheza Boucard Gonzales depi Jakmèl ansanm ak Dr. Marcelo Chamble, chirijyen nan Brigad Medika Kiben nan Sidès la k ap tounen lakay li Kiba. Dr. Marcelo se pitit Ayisyen.
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Monday Jun 08, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 8 jen 2015
Monday Jun 08, 2015
Monday Jun 08, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Prezantasyon cd "Zanmi Nou" ki se kolaborasyon Ti Corn ak Beethova pou onore travay Jean Claude Martineau (Koralen)
Segman espesyal sou David Felix, yon jèn Ayisyen 24 an lapolis NY sasinen nan Manhattan 25 avril 2015 ak patisipasyon avoka Marrisa Ram ki te travay ak David; Ecclesiaste Felix ki se ti frè David; epi Benjamin Ndugga-Kubaye, responsab nan Black Alliance for Just Immigration (BAJI)
Devlopman nan dosye Clinton nan
Ti koze ak Lily Cerat sou aktivite Center for Traditional Music and Dance ak Verite sou Tanbou peye lonè ak Deenps "Granbwa" Bazile
Tuesday Jun 02, 2015
Segman Altagracia nan emisyon EPD madi 2 jen 2015
Tuesday Jun 02, 2015
Tuesday Jun 02, 2015
Segman Altagracia Jean Joseph nan emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 2 jen 2015
-Klarifikasyon sou chif "53,000" Gouvènman Dominiken an pibliye semèn pase a kòm pitit imigran 103 diferan peyi ki ta ka kalifye pou jwenn papye. Yo di se 68% nan moun sa yo ki ta pitit Ayisyen
-Preparasyon nan kominote Dominiken dorijin Ayisyen ak imigran Ayisyen pou dat menas 15 jen/Premye Out la
-Refleksyon sou Gouvènman Ayisyen an ki ta anonse l ap bati kay Malpas ak Wanament pou resevwa moun Dominiken di l ap mete deyò yo