Episodes
Tuesday May 26, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 26 me 2015
Tuesday May 26, 2015
Tuesday May 26, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Emisyon espesyal pou make 1 an depi Gouvènman Dominiken an soti lwa 169-14 ki ta dwe "regilarize" stati Dominiken ki se pitit imigran san papye ak stati imigran san papye nan peyi yo
Ti koze ak Sirana Dolis, responsab òganizasyon MUDHA
Ti koze ak Antonio Pol Emil, responsab CCDH (Sant Kiltirèl Dominiken-Ayisyen)
Repòtaj sè nou Altagracia Jean Joseph ansanm ak konpatriyòt Mervius Philismat ki se yon imigran Ayisyen k ap viv Repiblik Dominikèn
Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul, responsab Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen nan NY la sou enpòtans "boycott" biznis, pwodui, ak endistri touris Dominiken an kòm zam kle k ap mennen nou kote nou dwe rive a
Monday May 25, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 25 me 2015
Monday May 25, 2015
Monday May 25, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ki sa k nan Bilten Eritye Papa Desalin pou semèn nan
Kanpay Hillary Clinton chwazi yon tchoul restavèk pami pil tchoul restavèk Ayisyen yo pou responsab bay Ayisyen manti pou li an Kreyòl pou eleksyon an
Kòmantè prizonye politik Mumia Abu Jamal ki pibliye yè apre jij nan Cleveland ekzonere polisye Michael Brelo ki te yonn nan gwoup polisye ki tire 137 bal epi sasinen 2 inosan san zam nan yon machin
Ti koze ak Ernst Mathurin (Gwoup Refleksyon Moyiz Louvèti) ak Mèt Bano (Ayiti Djanm) sou aktivite k te fè nan zòn Mibalè 19 me 2015 pou make 95 lannen depi Jal Ti Benwa (Benoit Batraville) tonbe nan pye travay li anfas sòlda yanki
Ti koze ak frè nou Patrick Elie sou eleksyon/seleksyon 2015 lan
Pou ki sa jounalis ti komik ap fouye sa k sere nan email Hillary chwazi mete deyò yo?
Tuesday May 19, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 19 me 2015
Tuesday May 19, 2015
Tuesday May 19, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Si li te la toujou ak nou, Malcolm X ta va genyen 90 rekòt kafe jodi a
Ti moso nan diskou Malcolm: "The house negro and the field negro"
Ti koze ak frè nou Harry Nicolas (Mèt Fèy Vèt) sou ki ès li ye; Kita Nago a; Manman Doudou epi Mache Agrikòl li antreprann pou ankouraje Ayisyen manje manje peyi a
Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn: Altagracia pale ak Lico Enrique Agustin k ap travay pou ede imigran Ayisyen yo ranpli fòmalite plan regilarizasyon gouvènman Dominiken an lanse a
Nouvèl
-Nouvèl prizonye politik Mumia Abu Jamal
-Manif KOMOKODA te fè jedi pase a
-Nouvèl nan dosye Hillary Clinton nan
Monday May 18, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 18 me 2015
Monday May 18, 2015
Monday May 18, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a se 18 me 2015, drapo peyi nou gen 212 lannen!
Nou repase ti koze Lakou NY te fè ak sè nou Bayyinah Bello 18 me 2012
Ti koze ak frè nou Tiecoura Dorleans Dessalines, desandan 7yèm jenerasyon Papa Desalin
Liy ouvè ak oditè yo
Sunday May 17, 2015
Ti koze emisyon Lakou New York tè fè ak Bayyinah Bello 18 me 2012
Sunday May 17, 2015
Sunday May 17, 2015
18 me 2012, animatè emisyon Lakou New York yo Dahoud Andre ak Manno
Louizaire te fè yon koze istorik ak gran sè nou "gad flanbo" Bayyinah
Bello sou drapo peyi nou. Bayyinah t ap pale ak nou depi zòn Boren tou
pre vil Desalin ki se te premye kapital peyi nou.
Depi w wè jou
18 me a rive Ayisyen tonbe resite sòm ak vèsè tankou jako repèt. Lakou NY te
panse l enpòtan pou n t al nan sous pou chache jwenn lòt kalite koze ki
rantre nan fon sa nou ye kòm pèp epi ki destine ki enskri pou pèp nou
an.
Nan okazyon 18 me 2015 emisyon Eritye Papa Desalin ranmase
koze Lakou NY sila a pou n repataje l ak fanmi nou yo. Nou panse tout
Ayisyen ki gen zòrèy ta dwe koute ti koze sila a nou gen lonè pataje ak
ou la a. Oumenm bò kote pa w pa fè chich, pataje l ak tout fanmi ak
zanmi pou yo konnen kote n soti, ki ès nou ye.
Tuesday May 12, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 12 me 2015
Tuesday May 12, 2015
Tuesday May 12, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Nouvèl
-Yon lòt goudougoudou nivo 7.3 refrape peyi Nepal ankò jodi a
-Tribinal nan peyi Ejip deside lage ansyen prezidan Hosni Mubarak pandan yo kenbe prezidan lejitim peyi a Mohamed Morsi nan prizon
-Jedi 14 me, 3-6pm KOMOKODA ap repran beton an devan katye jeneral Hillary Clinton nan 1 Pierrepont Plaza
Refleksyon Jean Claude Martineau (Koralen) sou vizit Francois Hollande, prezidan Lafrans lan an Ayiti
Pyès #14 nan cd2 "Lafimen" Jafrikayiti: Ayiti Toma su independencia
Repòtaj Kay Vwazen ak Altagracia Jean Joseph depi Repiblik Dominikèn
Liy ouvè ak oditè yo
Monday May 11, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 11 me 2015
Monday May 11, 2015
Monday May 11, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Ranmase sou sa k pase nan semèn nan:
-Lantèman Agwonòm Jean Yves Banatte (Agwo Ba) fèt samdi a - Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou fanmi an
-Dyalòg nan Vandredi Anba Tonnèl sou dosye Sen Domeng nan epi sou debakman "Titid" nan Sent Terèz Davila dimanch 6 me 1990
-"Million Moms March" nan Washington samdi a
Ti koze ak Mario Pierre sou travay Inisyativ Patriyotik pou make 100 lannen okipasyon 1915 la
Nouvèl
-Selebrasyon nan peyi Larisi pou make 70 lannen depi lame Ris te kraze lame Nazi a
-Atik Seymour Hersh ki demonte bann manti gouvènman Meriken an sou sasinay Osama Bin Laden
-Atik New York Times ki dekouvri plis mannigèt lafanmi Clinton pou yo fè lajan sou mizè pèp Ayisyen an
Ti koze ak gran sè nou Bayyinah Bello sou selebrasyon Fondasyon Felisite te fè nan wikenn nan pou make anivèsè nesans Enperatris Felisite ak Larèn Mari Lwiz
François Hollande ap rantre Ayiti demen
Friday May 08, 2015
6 me 1990 - Titid nan Sent Terèz Davila nan Brooklyn
Friday May 08, 2015
Friday May 08, 2015
6 me 1990 nan Sent Terèz Davila nan Brooklyn
- Koze Titid
- Kesyon kominote a
- Repons Titid
Tuesday May 05, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 5 me 2015
Tuesday May 05, 2015
Tuesday May 05, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Anons yon pitit fi Mme Marie Bertha Dimanche, moun Jeremi k ap chèche pran kontak ak fanmi li
Nouvèl
-Nou ankouraje w sipòte viktim goudougoudou Nepal la ak anpil prekosyon
-Senatè Bernie Sanders deside twoke kòn ak Hillary Clinton pou kandidati pati Demokrat la
-Apre l sot mande pou rebat kat la nan zafè prizon Ozetazini, Hillary mande papye pou tout san papye Ozetazini: Mannigèt bouzen!
-David Modeste, yon konpatriyòt Ayisyen ap fè 6 mwa nan prizon peyi Beliz anvan yo depòte l
-Pozisyon nou sou Rezolisyon K376 k ap diskite nan Albany ak grèv grangou Assemblywoman Rodnyse Bichotte la
Entèvyou ak gran frè nou Patrick Elie sou sitiyasyon lakay
Fòs, kouraj, ak lanmò pou frè nou Mèt Bano (Ernest Banatte) ki pèdi kouzen li Agwonòm Jean Yves Banatte anba bal asasen
Monday May 04, 2015
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 4 me 2015
Monday May 04, 2015
Monday May 04, 2015
Entwo: Mizik Kiki Wainwright - Fò n Lite
Jodi a nou prezante yon emisyon espesyal pou sonje yon kokenn evènman nan listwa kominote Ayisyen nan NY la: pasaj "Pè Titid" nan kominote a 6 me 1990. Mèkredi 6 me 2015 ap fè 25 lannen depi jou sila a.
Ti ranmase sou:
-pikèt KOMOKODA fè mèkredi 29 avril la devan Columbia University pou pwoteste prezans Hillary Clinton
-patisipasyon nou nan manifestasyon "May Day" vandredi Premye me a nan Union Square
-patisipasyon nou nan fèt Kouzen Zaka vandredi swa
Nouvèl nan mobilizasyon kont Clinton yo
Segman espesyal sou 6 me 1990
son nan legliz Sent Terèz Davila
-vwa Geralde Duval
-vwa Wilson Desir
-son tanbou nan legliz la
-yon bon pati nan diskou Titid la
-ranmase Geralde sou aktivite a
Liy ouvè ak oditè yo